Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Dis pwen pou ede nan devlopman Ayiti

Emmanuel W. VEDRINE

Dix points pour aider au developpement d’Haïti

Photo E. W. Védrine

VOKAL

Jiyè 2023
Mizajou 22 out 2023

DeutschEnglishEspañolFrançaisKreyòl

KESYON & KONPREYANSYON
(an kreyòl, anglè, espayòl e fransè enkli nan vèsyon kreyòl la)
()
Haitian Creole-English Bilingual Dictionary
English Haitian Creole Bilingual Dictionary
()
MODÈL PLAN LESON BILENG
EDIKASYON NIMERIK
()
MATERYÈL DIDAKTIK / PEDAGOJIK POU PWOGRAM BILENG AYISYEN
Teaching Materials For Haitian Bilingual Programs
Matérials Pédagogique pour les Programmes Bilingues Haïtiens
Materiales Didácticos para Programas Bilingües Haitianos
Unterrichtsmaterialien für zweisprachige haitianische Programme
()
Teaching materials for learners of Haitian Creole • Materyèl didaktik pou moun k ap aprann kreyòl ayisyen • Materiales didácticos para estudiantes de criollo haitiano • Matériel pédagogique pour les apprenants du créole haïtien • Unterrichtsmaterialien für haitianische Kreol-Lernende
()
SEZON SECHRÈS AYITI & PLAN LESON  
(woman ayisyen • Haitian novel • roman haïtien • novela haitiana • haitianischer Roman)
Kesyon sou dis (10) chapit woman an)
Temporada de sequía en Haití
()
REFLEKSYON SOU AKTIVITE POU ORYANTE LAJENÈS AN AYITI 
Reflection on activities to orientate youths in Haiti
Réflexion sur des activités d’orientation pour les jeunes en Haïti
Reflexión sobre las actividades de orientación para jóvenes en Haití

Reflexion über Orientierungsaktivitäten für Jugendliche in Haiti


SA AYITI BEZWEN POU L DEVLOPE () Nou vini ak 10 (dis) pwen, ki trè enpòtan. Nou konnen gen anpil lòt ke nou te ka mansyone, e nou pibliye sou yo deja atravè atik nou ekri, e ou kapab verifye 30 trant ane rechèch ak piblikasyon nou.
Nou pa mete lajenès nan dis (10) pwen sa yo, men se yon sijè enpòtan. Yo vire do bay lajenès. Yo pa gen oken plan pou li, e kandida yo pa janm gen oken plan oubyen pwojè pou ede jèn yo. Kandida yo jis di jèn sa yo di alovouzan aprè yo fin vote moun sa yo.

Jèn yo ap kite peyi a; y ap priye pou ale lòt kote. Nou wè yon gwo pwoblèm ak kandida yo. Yo pa gen oken vizyon ekri pou ta di «men sa nou pwopoze pou devlopmen Ayiti pou ven, vennsenk ane k ap vini yo». Nou pa wè bagay konsa. Nou pa wè bagay konsa ekri nan liv, oubyen atik pou montre vizyon yo oken kote.

Monte sou pouvwa pou fè lajan se sèl bagay ki okipe lespri yo. Kòm anpil moun ta moke yo, se yon filozofi«Rale kò w ban m pase, ban m fè kou pa m». Donk, ann mande fiti / aspiran kandida pou ekri vizyon yo (kisa yo wè yo ta pwopoze pou Ayiti nan ven ou vennsenk ane k ap vini yo pou devlopman l).

(1). AGRIKILTI (Agriculture). Pi bonè se granmmaten, an tèm edike jèn jenerasyon an e pandan l ap grandi, pou ta vin konsyan de pwoblèm ki an rapò ak agrikilti. Pami pwoblèm sa yo, nou ka site: debwazman, ewozyon, absans irigasyon (malgre nou ka jwenn dlo nan diferan kote nan peyi a pandan moun ka jwenn dlo prèske tout kote, absans machin tankou yon seri traktè pou ta itilize nan agrikilti), konnen yo byen epi patisipe pou ede solisyone yo. [Gade atik: Sechrès e aksè a dlo an Ayiti].

Elèv pa ta jis chita nan klas epi etidye nan liv kèk espès plant (sa yo ki egziste toujou ak sa yo ki disparèt). Li ta yon bèl ide pou anseye yo kijan pou kreye pepinyè pou ede ak pwojè rebwazman ak enpòtans pou fè sa. Li ta bon pou òganize yon seri joune (vizit) atravè peyi a ak elèv. Konsa, yo ta vin familye ak jewografi peyi a olye yo ta jis etidye l nan liv sèlman, epi yo ta gen yon foto jeneral de pwoblèm peyi a ap konfwonte. Li ta nesesè pou montre videyo ki an rapò ak sijè a nan saldeklas.

Èske n ka gen siksè ak alfabetizasyon pandan moun an Ayiti ap mouri grangou? Èske mas (oubyen majorite) pèp la sousye de konn li ak ekri lè l pa ka manje, pa ka jwenn yon travay, pa gen oken aktivite pou l fè lajan? Repons lan, se «non». Donk, lè yon moun ap suiv de prè sitiyasyon politik la an Ayiti, li enpòtan pou l pran nòt pou wè si nenpòt nan lidè yo gen yon plan pou apwoche koze sektè agrikilti a pou kapab pote kèk chanjman.

(2). BIZNIS (Business)… (anpil) Ayisyen travay tankou wobo kay Tonton Sam (nan peyi Etazini), san mete de kote omwen 15% (15 pou san) nan salè yo nan yon fon espesyal pou retrèt yo. Nou p ap blame yo paske yo pa gen pesonn, oken enstitisyon ayisyen ki pou te anseye yo sa. Nou kapab konprann kòman yo travay di, non sèlman fò yo peye plizyè bil (fakti) chak mwa (Etazini, Kanada, e lòt kote nan dyaspora a) men tou, anpil nan yo ap sipòte kèk fanmi Ayiti (e pa janm di fanmi sa yo, oubyen ba yo konsèy pou yo menm ta aprann devlope ti biznis dekwa pou aprann ede tèt yo, pou aprann kèk metye pou siviv, e pou aprann kreye endepandans ekonomik yo.

Pandémi sa a anseye n anpil bagay an tèm kijan l enpòtan pou n aprann prepare pou demen (sou tout fòm), e pou sispann konte sou peyi vwazen pou tout bagay menm pou ban nou manje, epi n gen bon tè ki ka pwodui tout sa nou vle. Gen dlo prèske tout kote (ki te ka kapte) pou ede ak pwojè irigasyon atravè peyi a pou fè agrikilti.

Moun ki gen enfòmasyon gen pouvwa. Pa bliye sa. Ki valè enfòmasyon moun nan kominote nou genyen? Gen yon bezwen pou tout lidè kominotè ayisyen ta ini yo pou yon konferanssou edikasyon (an jeneral) nan kominote lokal kote yo ta ye. Ekonomize lajan, epi kòmanse envesti otan sa posib (pandan ou jèn). Souple, anseye pitit ou fè sa (menm si yo poko gen dizuit an). Nan kisa m ka envesti? Se yon kesyon enpòtan pou n panse, e pou debat li avèk lòt moun (ki ta ka gen kèk esperyans nan domèn lan oubyen nan biznis). Tan ou presye tou; pa gaspiye l. Itilize l byen nan avantay ou (travay, etidye, epi ede kominote ou, kote w ka volontè oubyen travay sivik pou bay yon pati nan tan w).

(3). DYASPORA (Diaspora). Kòman nou wè dyaspora nan devlopman Ayiti? N ap jwenn tòp entelektyèl, pwofesyonèl ayisyen nan dyaspora. Malerezman, nou pa reyèlman wè yon pon ki egziste ant Ayiti e dyaspora pou fè yon seri travay majè an Ayiti. Gen moun nan dyaspora ki eseye fè sa yo kapab. Trè souvan, yo jis voye lajan, e moun Ayiti pa pwofite dyaspora a kòm resous imèn nan kad devlopman Ayiti.

Donk, nou pa ka pale reyèlman de devlopman Ayiti, epi pou n ta kite dyaspora a dèyè. Dyaspora sa a gen etelijans (sèvo), moun konpetan ki ta renmen wè devlopman Ayiti. Yo ta renmen retounen al fè vakans Ayiti, e menm jwi yon bèl retrèt dore la. Konsa, lè n ap pale de devlopman Ayiti, li enpòtan tou pou n wè dyaspora a. Lwa Ayiti pa dwe bloke l jan nou wè sa nan Konstitisyon 1987 la kote lejislatè yo anpeche dyaspora a patisipe nan politik Ayiti.

(4). EDIKASYON (Education). Depi lè Ayiti pran dwa granmoun (endepansans) li, ebyen nou pa wè yon edikasyon pratik. Se yon edikasyon kolonyal nou toujou wè, ki prepare Ayisyen pou kite Ayiti pou al sèvi lòt peyi. Non sèlman tip edikasyon sa a se youn ki kolonyal, men tou li pa fokis oubyen santre sou devlopman peyi a. Se pa youn ki pratik. Nou wè evolisyon teknoloji nan ventyèm e venteyinyèm syèk, e kòman gran peyi yo gen yon edikasyon pratik.

Se sa ke nou ta renmen wè Ayiti, kote nou fè yon dal tan lekòl, ale nan inivèsite, fè sèt ane nan primè, sèt ane nan segondè, kat a sis ane nan inivèsite epi nou pa ka panse kòman pou devlope yon ti biznis. Nou pa ka itilize sa nou aprann lekòl pou ede tèt nou. Li lè, li tan pou n kriye: Aba yon edikasyon kolonyal, yon edikasyon soudevlope! Viv yon edikasyon pratik! Viv yon edikasyon ke tout moun bezwen Ayiti pou sèvi peyi a! Viv yon edikasyon pou sèvi sosyete a! Viv yon edikasyon pou n fè biznis! Viv yon edikasyon pou n fè lajan san ke nou pa bezwen ap priye pou n kite Ayiti!

(5). IRIGASYON  (Irrigation). Li trè enpòtan nan kad agrikilti. Gen dlo k ap gaspiye Ayiti. Nou ekri sou sa, e nou fè vokal tou. Ebyen, dlo sa yo gaspiye; y al abouti nan lanmè. Lè lapli tonbe, pa gen mwayen pou konsève l pou irigasyon.

(6). JANDAMRI OU GAD NASYONAL (Gendarmerie / National Guard). Nou anvizaje yon jandamri 15 mil 15,000 moun (gason e fanm) pa egzanp. Sòlda sa yo ta non sèlman antrene pou manyen zam, men tou pou sèvi peyi lè gen kèk kriz. Pa egzanp, peyi a kapab fè fas a kèk katastwòf natirèl, tranblemanntè, inondasyon e tanpèt. Ebyen, lè bagay sa yo rive, yon jandamri 15 mil moun ta deplwaye nan tout peyi a pou pote sekou. Konsa, ti fòs polis nasyonal (ki tou mal antrene, ak ti pye kochon bò senti l) pa reyèlman kapab fè fas a pwoblèm ensekirite nan tout peyi a ke gwoup gang ak gwo zam ap koze. Yon tèl jandamri (ki gen gason kou fanm) ta kontrekare bandi sa yo, epi tabli sekirite nan tout peyi a pou pèp la.

(7). PÒ & AYEWOPÒ (Ports & Airports). Yon peyi pa kapab devlope san pa gen e ayewopò pou komès enpòtasyon-espòtasyon, kote gwo bato ta vin kochte nan gwo pò Ayiti (nan nò, sid, lès, e lwès). Li trè enpòtan pou gen pò e ayewopò paske n ap gade gwo bato touris k ap pote dè milye moun; fò gen pò pou bato sa yo koche, e ayewopò pou avyon k ap pote touris ateri.

(8). REBWAZMAN (Reforestation). Se yon gwo pwoblèm tout kote Ayiti paske Ayisyen koupe majorite pyebwa pou fè chabon. Se yon gwo pwoblèm, e pa gen oken pwojè rebwazman serye oubyen dirab pou kwapre pwoblèm chabon oubyen bwa y ap koupe, e menm ab fritye pa egzanp ki te kapab bay moun manje gratis ti cheri. Imajine si n ta fè yon kanpay rebwazman nan chak komin pou plante ab fritye tout kote, bò tout wout (chemen), nan lakou nou, epi kreye forè!

(9). TOURIS (Tourism). Lè n ap gade peyi vwazen an, konbyen bilyon (milya) dola (USD) yo rantre nan touris an Repiblik Dominikèn  chak ane, rizòt touristik e menm moun ki gen lajan Ayiti ale nan rizòt sa yo. Prezidan, wa k ap soti lòt peyi vin nan rizòt touristik an Repiblik Dominikèn, pote dè bilyon (milya) dola chak ane. Nou wè sa trè enpòtan pou Ayiti travay sou endistri touris li tou, menm jan lòt kote nan Karayib la e Amerik Santral pozisyone yo pou fè sa.

(10). WOUT  (Roads). [Enkli «Kesyon & Konpreyansyon kòm plan leson»].  Nou pa ka gen devlopman yon peyi, epi pou pa gen wout. Se atravè wout kouneya pou n dekonsantre tout Pòtoprens (kapital la) paske gen yon egzòd riral kote moun ap kite komin yo pou vin tabli nan kapital la dèyè lavi miyò. Ebyen si te gen wout pa egzanp, ki konekte tout komin, yo pa t ap bezwen vin konble nan Pòtoprens ap chache travay. Komin pa yo ta devlope, epi yo ta al vann sa yo pwodui lè jou mache nan lòt komin avwazinan.

 

KESYON & KONPREYANSYON : QUESTIONS & COMPREHENSION
PREGUNTAS Y COMPRENSIÓN : QUESTIONS & COMPRÉHENSION

1. (a) Ki enpòtans dis (10) pwen sa yo pou ou? (b) How important are these ten points to you? (c) ¿Qué importancia tienen estos diez puntos para usted? (d) Quelle est l’importance de ces dix points pour vous?

2. (a) Chwa de nan pwen sa yo pou kòmante sou yo (b)  Choose two of these points to comment on them (c) Elija dos de estos puntos para comentarlos (d) Choisissez deux de ces points pour les commenter.

3. (a) Vini ak de pwen ou panse ou ta ajoute sou dis pwen sa yo, epi kòmante sou yo (b)  Come up with two points  you think you would add on these ten points and comment on them (c)  Piensa en dos puntos que cree que agregarías a estos diez puntos y coméntalos. (d) Trouvez deux points que vous pensez ajouter sur ces dix points et commentez-les.

4. (a) Lajenès pa mansyone nan dis pwen sa yo, kòmante sou pwoblèm lajenès (b) Youth is not mentioned in these ten points. Comment on youth problems (c)  La juventud no se menciona en estos diez puntos. Comente sobre los problemas de la juventud. (d) La jeunesse n’est pas mentionnée dans ces dix points. Commentez sur les problèmes des jeunes.

5. (a) Kisa kandida yo fè pou ede lajenès? (b) What do candidates do to help youth? (c)  ¿Qué hacen los candidatos para ayudar a los jóvenes? (d) Que font les candidats pour aider les jeunes?

6. (a) Kisa kandida yo pwopoze pou devlopman Ayiti? (b) What do candidates propose for Haiti's development? (c)  ¿Qué proponen los candidatos para el desarrollo de Haití? (d) Que proposent les candidats pour le développement d’Haïti?

7. (a) Ki vizyon kandida yo genyen pou devlopman Ayiti? (b) What are the candidates’ vision for Haiti's development? (c)  ¿Cuál es la visión de los candidatos para el desarrollo de Haití? (d) Quelle est la vision des candidats pour le développement d’Haïti?

8. (a) Kòmante sou fraz sa a: «Rale kò w ban m pase, ban m fè kou pa m» (b) Comment on this phrase, "Get out of my way, give me my turn” (c)  Comenta esta frase, «Sal de mi camino, dame mi turno» (d) Commentez cette phrase : «Sortez d’ici, c’est mon tour!»

9. (a) Pou kisa l enpòtan pou kandida yo pibliye vizyon yo (nan liv, nan atik)? (b) Why is it important for candidates to publish their vision (in books, in articles)? (c)  ¿Por qué es importante que los candidatos publiquen su visión (en libros, en artículos)? (d) Pourquoi est-il important pour les candidats de publier leur vision (dans des livres, dans des articles)?

10. (a) Kòmante sou fraz sa a: «Pi bonè se granmmaten, an tèm edike jèn jenerasyon an» (b) Comment on this phrase: "the earlier the better, in terms of educating the young generation” (c)  Comenta esta frase: "cuanto antes mejor, en términos de educar a la generación joven" (d) Commentez sur cette phrase: « le plus tôt, le mieux en termes d’éducation de la jeune génération».

11. (a) Kòmante sou pwoblèm sa yo: absans irigasyon, agrikilti, debwazman, edikasyon, ensekirite, ewozyon, lavichè (b) Comments on the following problems: absence of irrigation, agriculture, deforestation, education, insecurity, erosion… (c)  Comenta los siguientes problemas -- ausencia de riego, agricultura, deforestación, educación, inseguridad, erosión... (d) Commentez sur les problèmes suivants: absence d’irrigation, agriculture, déforestation, éducation, insécurité, érosion.

12. (a) Kòmante sou fraz «Sechrès e aksè a dlo an Ayiti» (b) Comment on the phrase "Drought and access to water in Haiti (c)  Comente la frase «Sequía y acceso al agua en Haití» (d) Commentez la phrase «Sécheresse et accès à l’eau en Haïti»

13. (a) Site senk (5) espès plant kreyòl (b) Cite five species of Creole plants (c)  Cita cinco especies de plantas criollas (d) Citez cinq espèces de plantes créoles

14. (a) Ki enpòtans plant yo genyen? (b) How important are plants? (c)  ¿Qué importancia tienen las plantas? (d) Quelle est l’importance des plantes?

15. (a) Ki enpòtans alfabetizasyon pou ou? (b) What is the importance of literacy for you? (c)  ¿Cuál es la importancia de la alfabetización para usted? (d) Quelle est l’importance de l’alphabétisation pour vous?

16. (a)  Esplike fraz «Èske n ka gen siksè ak alfabetizasyon pandan moun an Ayiti ap mouri grangou?» (b) Explain the phrase "Can we have success and literacy while people in Haiti are starving (c)  Explica la frase «¿Podemos tener éxito y alfabetización mientras la gente en Haití se muere de hambre? (d) Expliquez la phrase «Pouvons-nous réussir et alphabétiser alors que les gens en Haïti meurent de faim?»

17. (a) Pou kisa majorité moun Ayiti pa ka manje chak jou? (b) Why can’t most Haitians eat daily? (c)  ¿Por qué la mayoría de los haitianos no pueden comer diariamente? (d) Pourquoi la plupart des Haïtiens ne peuvent-ils pas manger tous les jours?

18. (a) Bay yon lis aktivite ou panse moun ka fè Ayiti pou fè lajan (b) List of activities you think people can make Haiti make money (c)  Lista de actividades que crees que la gente puede hacer que Haití gane dinero (d) Liste des activités que vous pensez que les gens peuvent faire gagner de l’argent à Haïti

19. (a) Ki tip biznis ou ta renmen fè? (b) What kind of business would you like to do? (c)  ¿Qué tipo de negocio le gustaría hacer? (d) Quel genre d’entreprise aimeriez-vous faire?

20. (a) Pou kisa l enpòtan pou moun ta ekonomize 15% nan lajan yo chak lè yo touche? (b) Why is it important that people save 15% of their money each time they earn? (c)  ¿Por qué es importante que las personas ahorren el 15% de su dinero cada vez que ganan?(d) Pourquoi est-il important que les gens économisent 15% de leur salaire?

21. (a) Pou kisa l enpòtan pou yon moun gen 2,3,4 metye? (b) Why is it important to have 2,3,4 trades? (c)  ¿Por qué es importante tener 2,3,4 operaciones? (d) Pourquoi est-il important d’avoir 2,3,4 métiers?

22. (a) Kòmante sou fraz «Gen dlo prèske tout kote (ki te ka kapte) pou ede ak pwojè irigasyon atravè peyi a pou fè agrikilti» (b) Comment on the phrase "There is water almost everywhere (which could be seized) to help with irrigation projects across the country to make agriculture” (c)  Comenta sobre la frase "Hay agua en casi todas partes (que podría ser aprovechada) para ayudar con proyectos de riego en todo el país para hacer agricultura (d) Commentez sur la phrase «Il y a de l’eau presque partout (qui pourrait être saisie) pour aider aux projets d’irrigation à travers le pays pour faire de l’agriculture»

23. (a) Kòmante sou fraz « Moun ki gen enfòmasyon gen pouvwa» (b) Comment on the phrase "The one who has information has power" (c)  Comenta  la frase "El que tiene información tiene poder" (d) Commenter la phrase « Celui qui a l’information a le pouvoir

24. (a) Ki valè enfòmasyon moun nan kominote nou genyen? (b) How much information do people in our community have? (c)  ¿Cuánta información tienen las personas de nuestra comunidad? (d) Quelle quantité d’information les gens de notre communauté ont-ils?

25. (a) Nan kisa ou ka envesti? (b) In what can you invest? (c)  ¿En qué puedes invertir? (d) Dans quoi pouvez-vous investir?

26. (a) «Tan ou presye», kòmante sou fraz sa a (b) "Time is precious," comment on this phrase (c)  «El tiempo es precioso», comenta esta frase (d) Le temps est précieux », commentez cette phrase

27. (a)  Kòman nou wè dyaspora nan devlopman Ayiti? (b) How do we see the diaspora in Haiti’s development? (c)  ¿Cómo vemos la diáspora en el desarrollo de Haití? (d) Comment voyons-nous la diaspora dans le développement d’Haïti?

28. (a) Kòmante sou fraz sa a «moun Ayiti pa pwofite dyaspora a kòm resous imèn nan kad devlopman Ayiti» (b) Comment on this phrase "The people of Haiti do not take advantage of the diaspora as human resources within the framework of Haitian development (c)  Comenta sobre esta frase "El pueblo de Haití no aprovecha la diáspora como recursos humanos en el marco del desarrollo haitiano (d) Commentez sur cette phrase «Le peuple haïtien ne profite pas de la diaspora comme ressource humaine dans le cadre du développement haïtien»

29. (a) Ki enpòtans irigasyon nan agrikilti? (b) What is the importance of irrigation in agriculture? (c)  ¿Cuál es la importancia del riego en la agricultura? (d) Quelle est l’importance de l’irrigation dans l’agriculture?

30. (a) Esplike tèm «edikasyon kolonyal» (b) Explain the term "colonial education" (c)  Explique el término «educación colonial» (d) Expliquez le terme «éducation coloniale»

31. (a) Kòmante sou «edikasyon pratik» (b) Comment on "practical education" (c)  Comenta sobre la «educación práctica» (d) Commentez sur «l’enseignement pratique»

32. (a) Ki enpòtans yon Gad Nasyonal oubyen Jandamri ta genyen pou Ayiti? (b) How important would the National Guard or Gendarmerie be Haiti? (c)  ¿Qué importancia tendría la Guardia Nacional o la Gendarmería en Haití? (d) Quelle serait l’importance de la Garde national ou de la Gendarmerie en Haïti?

33. (a) Ki wòl pò e ayewopò ka jwe nan devlopman yon peyi? (b) What role can ports and airports play in a country's development? (c)  ¿Qué papel pueden desempeñar los puertos y aeropuertos en el desarrollo de un país? (d) Quel rôle les ports et les aéroports peuvent-ils jouer dans le développement d’un pays?

34. (a) Pou kisa l enpòtan pou rebwaze Ayiti? (b) Why is it important to re-embrace Haiti? (c)  ¿Por qué sería importante reforestar Haití? (d) Pourquoi serait-il important de reboiser Haïti?

35. (a) Ki konsekans debwazman genyen sou Ayiti? (b) What effect does deforestation have on Haiti? (c)   ¿Qué efecto tiene la deforestación en Haití? (d) Quel est l’effet de la déforestation sur Haïti

36. (a) Pou kisa pèp la debwaze Ayiti? (b) Why does the people deforest Haiti? (c)  ¿Por qué la gente deforesta Haití? (d) Pourquoi les gens déboisent-ils Haïti?

37. (a) Ki enpòtans fri yo genyen? (b) How important are fruits? (c)  ¿Qué importancia tienen las frutas? (d) Quelle est l’importance des fruits?

38. (a) Ki pwoblèm «fè chabon» koze nan peyi a? (b) What problem does "coal" cause in the country? (c)  ¿Qué problema causa el «carbón» en el país? (d) Quel problème le «charbon de bois» cause-t-il dans le pays?

39. (a) Kisa ki atire touris lè yo vwayaje al lòt peyi? (b) What attract tourists when they travel to other countries? (c)  ¿Qué atrae a los turistas cuando viajan a otros países? (d) Qu’est-ce qui attire les touristes lorsqu’ils voyagent dans d’autres pays?

40 (a) Ki enpòtans wout nan devlopman Ayiti? (b) How important are road in Haiti’s development? (c)  ¿Qué importancia tienen las carreteras en el desarrollo de Haití? (d) Quelle est l’importance des routes dans le développement d’Haïti?

TÈKS ANEKSE

VEDRINE, Emmanuel W. Agriculture the first target for Haiti's developmentAgrikilti ta dwe premye sib nan devlopman Ayiti.
---. Ann pale de bwa ak fri Ayiti!. (Ref. Materyèl Edikatif pou Bileng Ayisyen, pp. 160-180). (Let's talk about trees and fruits in Haiti! : Parlons de bois et fruits en Haïti).
---. Articles & Essays (atik e esè).
---. Articles related to politics : Atik ki an rapò ak politik.
---. Ayiti, 37 ane san pwogrè : Haiti, 37 years without progress.
---. Agriculture and irrigation in Haitii : Agrikilti e irigasyon an Ayiti.
---. Ann pale de bwa ak fri Ayiti!. (Let's talk about trees and fruits in Haiti! : Parlons de bois et fruits en Haïti).
---. Ayiti va bèl lè n va antere negativite yo : Haiti Will be beautiful when we bury the negativities.
---. Bilingual Education in Haiti: Theory and Practice | Edikasyon Bileng Ayiti: Teyori e Pratik.
---. Civic duty should be mandatory for all young people in Haiti : Travay sivik ta dwe obligatwa pou tout jèn an Ayiti.
---. Chanje mantalite pou ranvèse kondisyon povrete Ayiti : Changing mentality to curb poverty condition in Haiti.
---. Dis konsèy pratik pou ede jèn Ayiti aprann ede tèt yo, e devlope lidèchif efikas : Ten practical advise to help youths in Haiti learn to help themselves, and to develop effective leadership.  
---. Dyalòg sou rebwazman an Ayiti (Dialog on reforestation in Haiti : Dialogue sur le reboisement en Haïti).
---. Educating Haitian Youth and the Haitian Community in Dyaspora : Edike Jèn Ayisyen e Kominote Ayisyen nan diaspora.
---. Enfòmatize Ayiti, e estrateji pou sa fèt.
---. Essays’ models to help Haitian Students (high school and university level) with writing.
---. Estrateji pou devlope wout Ayiti : Strategies to develop roads in Haiti.
---. Haiti and the destruction of nature : Ayiti, yon peyi ravaje nou dwe sispann detwi.
---. In Kreyol and English : An Kreyòl e an Anglè.
---. INSMINOGEC (Institution Mixte de la Nouvelle Génération des Cayes) – Teaching Materials for Haitian Bilingual Programs in Haiti (courtesy E. W. Védrine Creole Project).
---. Kèk tèm nan Sezon sechrès Ayiti pou disètasyon : Some themes in (the novel) Sezon sechrès Ayiti for essays].
---. Kesyon sou dis (10) chapit woman Sezon sechrès Ayiti : Questions on the ten (10 chapters of the novel Sezon sechrès Ayiti. Lesson Plan model for Bilingual Teachers.
---. Mother Nature has risen up against us. (English translation). (Original French text, «Un certain mardi de janvier”, by Nicolas AndréBoston Haitian Reporter.
---. Pyebwa libète : The liberty tree. [In Materyèl Edikatif pou Bileng Ayisyen, 1994, pp. 172].
---. Rat konnen, Chat konnen, barik mantèg la sou siveyans (Rat knows, Cat knows, the barrel of lard is being watched). Retoric in Haitian Creole.
---. Reflection on February 7, 2019: 33 years after the fall of the Duvalier’s Regime : Refleksyon sou 7 Fevriye 2019: 33 ane apre Rejim Duvalier a tonbe.
---. Refleksyon sou aktivite pou oryante lajenès an Ayiti. Reflection on activities to orientate youths in Haiti.
---. Rekonstriksyon Ayiti: yon defi ak yon konbit manch long.
---. Sechrès e aksè a dlo an Ayiti : Sécheresse et accès à l’eau en Haïti.
---. Séisme à Haïti – 12 janvier 2010Haiti’s earthquake -- January 12, 2010.
---. Siklòn, Tanpèt, Move Tan, Tranblemanntè: ranje kabann ou avan dòmi nan je w.
---. So many political parties, so little progress.
---. Some Reflections for a New Haiti after January 12, 2010.
---. Selfishness, a virus destroying the Haitian Community : Egoyis, yon viris k ap detwi kominote ayisyen.
---. Sezon sechrès Ayiti. (2nd. ed.). JEBCA Editions.  224 p. [English summary : Resumé en anglais]. [© The author’s copyright : © Dwa otè a] . [© Lexical data (for hyper base software for dictionaries) : © Done leksikal (pou lojisyèl ipèbaz pou diksyonè)]. [In Papiamentu language, Temporada di sekura na Haiti. [First original Creole version was published in 1994: Soup to Nuts Publishers, Cambridge, MA. 1994. 128 p. [The novel has been translated to English by the author (Emmanuel W. Védrine). [Text in pdf format : Tèks an fòma pdf]. VEDCREP: Boston (edition, 2013, 163 p.
---. Temporary shelter in Haiti Abri pwovizwa Ayiti.
---. Ten gifts for all Haitians : Dis kado pou tout Ayisyen.
---. Trades, Professions, Careers: Orientation Training for Haitian Students in Haiti.
---. Tranblemanntè 14 dawou 2021 kraze komin L’Azile (Lazil) ak Sid Ayiti (enkli resous an liy pou ede Lazil e lòt komin) -- Vèsyon anglè: Haiti’s August 14, 2021 earthquake destroying the commune of L’Asile (Lazil) and South Haiti (including online resources to help L’Asile, and other communes).
---. Twenty cents of consciousness to become a better person : Ven kòb konsyans pou vin yon pi bon moun.
---. Twenty points in our resolution for 2023 : Ven pwen nan rezolisyon nou pou 2023.
---. Teaching materials for schools in HaitiMateryèl pedagojik pou lekòl Ayiti.
---. Ten gifts for all Haitians : Dis kado pou tout Ayisyen.
---. The cultural richness s of Haiti,  an unexploited mine : Richès kiltirèl Ayiti, yon min ki poko esplwate.
---. What are the presidential candidates’ credentials in Haitian society?.
---. Welcome to L’Asile (Lazil), a commune in Haiti: Byenveni nan Lazil, yon komin Ayiti.
---. What’s really needed to be done to reforest Haiti? : Kisa k dwe fèt reyèlman pou rebwaze Ayiti?)
Le reboisement d’Haïti, un défi politique et environmental.
---. What’s really needed to be done to reforest Haiti? : Kisa k dwe fèt reyèlman pou rebwaze Ayiti?)
Le reboisement d’Haïti, un défi politique et environmental.
---. 12 Janvye 2010, yon pèt kapital pou milye entelektyèl ayisyen.

Courtesy : Koutwazi
E. W. Védrine Creole Project, Inc.
Network: Educating Haitians in Haiti, and Haitians in Diaspora
Rezo: Edike Ayisyen Ayiti, e Ayisyen nan Dyaspora
Boston, Massachusetts

*

 Viré monté