Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Zip your mouth | Fèmen bouch ou

Jean H. BELLEFLEUR,(editè: editor)

Kontak: jhbellefleur7@gmail.com contact

Fèmen bouch ou

Photo Francesca Palli.

Nan lavi, gen lè pou w pale, gen lè pou w fèmen bouch ou.

Ou ka pale lè w vle fè pase yon mesaj trè enpòtan, swa pou fòme moun, revandike dwa ou, motive moun pou yo pran konsyans de eta yo; elatriye.

Sepandan, pa janm neglije pale pawòl ki fè sans, pawòl ki konstwi karaktè moun.

Konsa tou, ou ka fèmen bouch ou lè ou genyen yon pwojè an kou ke w vle reyalize.

Menm Bondye ki te kreye nou an, di nou: «Men ou menm, lè w ap lapriyè, antre nan chanm ou. Fèmen pòt ou. Lapriyè Papa ou ki la pou kont li avèk ou. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou (Matye 6 :6).» 

Anpil nan nou ka remake ke nou toujou genyen anpil pwojè, malerezman yo bloke e yo pa janm ka reyalize; rezon an se paske nou pa janm kenbe sekrè nou yo. Nou pale twòp de fason demezire ak nenpòt moun ki pa renmen ou fè pwogrè. Menm lè pafwa y ap ri ak ou, se yon sòt ipokrizi, nou dwe pran anpil prekosyon nan sans sa a.

Mwen envite ou li an Anglè e an Kreyòl, kèk bon mo motivasyon ke m pataje anba a ak ou pou w ka aprann fèmen bouch ou lè w vle reyalize diferan pwojè ou yo.

Pakonsekan, m ankouraje ou pran pi bon konsèy nan men moun ke w bay kredi, ki renmen byen pou moun, ki gen bon kè, ki pa jalou, ki pa rankinye, ki pa ògeye, ki pa rayisab e ki toujou rete sou jenou yo nan lapriyè.

Ann gade kisa Pwovèb 15 : 22 a di nou: «Lè ou pa pran konsèy, plan travay ou p ap mache. Lè ou pran konsèy nan men anpil moun, ou mèt sèten travay ou ap mache byen.»

Bòn lekti!

Zip your mouth | fèmen bouch ou

YOU ARE BUYING A HOUSE? ZIP IT.  OU AP ACHTE YON KAY? FÈMEN BOUCH OU.

YOU ARE PURCHASING A CAR? ZIP IT.  OU AP ACHTE YON MACHIN? FÈMEN BOUCH OU.

YOU ARE GOING ON A VACATION? ZIP IT.  OU PRAL NAN VAKANS? FÈMEN BOUCH OU.

YOU ARE GOING TO GET YOUR DEGREE? ZIP IT.  OU PRAL JWENN DIPLÒM OU? FÈMEN BOUCH OU.

YOU GOT PROMOTED? ZIP IT.  OU JWENN PWOMOSYON? FÈMEN BOUCH OU!

YOU HAVE A GOOD MAN? ZIP IT.  OU GEN YON BON GASON? FÈMEN BOUCH OU.

YOU HAVE A GOOD WOMAN? ZIP IT.  OU GEN YON BON FANM? FÈMEN BOUCH OU.

99% OF THE TIME99% TAN.

OUR DREAMS   RÈV NOU

DON’T COME TRUE  PA TOUNEN REYALITE

WHEN THEY ARE SUPPOSED TO,  LÈ YO SIPOZE,

IS BECAUSE WE OPEN OUR MOUTH  SE PASKE NOU LOUVRI BOUCH NOU

TOO SOON TO THE WRONG PEOPLE  TWÒ BONÈ AK MOVE MOUN

AT THE WONG TIME.  NAN MOVE MOMAN AN.

YOU ARE WRONG   OU PA GEN REZON

TO SHARE YOUR SUCCESSES   POU PATAJE SIKSÈ W

WITH PEOPLE TO CLAIM TO BE   AK MOUN POU REKLAME YO

YOUR FRIENDS.  ZANMI OU.

ENVY AND JEALOUSY  LANVI AK JALOUZI

ARE ENOUGH  ASE

FOR PEOPLE TO FEED  POU NOURI MOUN

OFF AND TEAR YOU DOWN.  EPI DEMOLI W.

SO ZIP YOUR MOUTH.  ALÒ, FÈMEN BOUCH OU.

MOST OF YOUR FRIENDS  Pi FÒ NAN  ZANMI OU YO

WANT TO SEE YOU DO WELL.  VLE WÈ OU FÈ BYEN.

BUT NEVER BETTER THAN THEM.  MEN POU PA JANM PI BON PASE YO.

AND REMEMBER EVEN FAMILY    EPI SONJE MENM MANM FANMI

MEMBERS HAVE HIDDEN ENVY.  YO KACHE LANVI A.

BUT THEY CAN’T STOP WHAT   MEN YO PA KA KANPE SA

GOD HAS FOR YOU.  BONDYE GEN POU OU.

DON’T BE A FOOL.  PA FÈ IDYO.

AND REMEMBER TO ZIP YOUR MOUTH.  EPI SONJE FÈMEN BOUCH OU.

SOURCE | SOUS : Plèk! Plèk! Devwale!
Unknown author : Otè enkoni
Translation into Creole  Tradiksyon an Kreyòl: Jean H. BELLEFLEUR

*

 Viré monté