Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Mwen s’on chanpyon

-I-
Mwen kreye nan imaj Bondye
Mwen kreye pou m domine
Mwen gen nan mwen nati Bondye
Wi, mwen se pitit Bondye
Mwen sou latè ak yon manda
Bondye voye m tou chanpyon
Mwen pa moun isit, mwen sot anwo
Tout sa m ye soti anwo (bis)
  I am created in the image of God
I was created to dominate
I have in me the nature of God
Yes, I am the child of God
I am on earth with a mandate
God made me a champion
I am not from here but from above
All I am is from above
    Kè   :   Chorus
Mwen se tèt, mwen p ap janm ke
Mwen anwo, m p ap janm anba
Mwen pa yon pèdan, mwen s’on chanpyon
Mwen beni andeyò, mwen beni lè m nan vil la
Nenpòt sezon mwen ye, m ap beni
Se Bondye k fè m konsa, mwen beni
  I am the head, and not the tail
I am above I will never be beneath
I am not a loser, I am a champion
I am blessed outside, I am blessed in the city
Whatever the season, I am blessed
God made me like this, I am blessed
  -II-  
Kote m ap viv la pa defini
Jan mwen dwe ye, eksplwa m dwe fè
Kwayans mwen se pi gwo fòs mwen
Jan m kwè l la, konsa l va ye
Jan m di l la, konsa m va wè l
Mwen beni, mwen beni
Mwen s’on chanpyon (bis)
  The place where I live does not define
The way I must be, what I must experience
My belief is my biggest strength
The way I believe is the way it will be
Like I say it, the way I will see it
I am blessed, I am blessed
I am a champion.

* * *

(Ref. Delly Benson – «Mwen s’on chanpyon» (I am a champion). [Live / Lyric Video].
Voice: Delly Benson (Hollysongs Ministries).
Haitian Creole edition: Emmanuel W. Védrine. February 7, 2024).
Courtesy  E. W. Védrine Creole Project, Inc. (1992)
Boston, Massachusetts. USA

*

 Viré monté