Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Poèmes

Emmanuel W. VEDRINE

Poèmes A-F | Poèmes G-L | Poèmes M-R | Poèmes S-Z | Indice

Thespesia populnea
Choublack blanc, Thespesia populnea. Photo F.P.

Sa m panse de powèm
Yon bon powèm touche nanm.
Bon powèm bon pou lespri.
Kijan lemonn ta ye san powèm ak mizik?
M kite powèm mwen pale.
Mwen pale powèm.
Powèm se yon lòt lang mwen aprann.
Powèm se vi mwen.
Powèm se yon bonjan zam.
Powèt wè lemonn nan pwòp fason yo.
Linivè se yon powèm.

(Emmanuel W. Védrine)
 

What I think about poetry
Good poetry touches the soul.
Good poetry is good for the mind.
How would the world be without poetry and music?
I let my poetry talk.
I speak poetry.
Poetry is another language I've learned.
Poetry is my life.
Poetry is quite a powerful weapon.
Poets have their own ways of seing the world.
The Universe is a poem.

(Emmanuel W. Védrine)

Ce que je pense des poèmes
Un beau poème nous touche dans l’âme
La bonne poésie nous éveille l’esprit.
Que serait le monde sans poésie et sans musique?
Moi je laisse parler mon poème…

Je parle en poésie
Poésie, autre langue que je sais parler.
Poème tu es ma vie,
Poésie, âme de prix.

Le poète à sa propre vision du monde
Et tout l’univers est poésie.

(Emmanuel W. Védrine)
version française: Jean-Samuel Sahaï

Was ich über Poesie denke
Gute Poesie berührt meine Seele.
Gute Poesie ist gut für meinen Geist.
Wie wäre die Welt ohne Poesie und ohne Musik?
Ich lasse meine Poesie reden.
Ich spreche Poesie.
Poesie ist eine weitere Sprache die ich lernte.
Poesie ist mein Leben.
Poesie ist eine starke Waffe.
Dichter haben ihren eigenen Art

(Emmanuel W. Védrine)
version allemande: Andrina Soliva

Ninavyofikiria kuhusu ushairi
Shairi zuri ni zuri kwa akili.
Shairi zuri hugusa moyo.
Dunia ingekuwaje bila mashairi na muziki?
Nauachia ushairi wangu uongee.
Naongea kiushairi.
Ushari ndiyo uhai wandu.
Ushairi ni silaha yenye nguvu.
Washairi wana njia yao ya kuiangalia dunia.
Ulimwengu ni ushairi.

(Emmanuel W. Védrine)
version Swahili: Richard Kifutu
 

Se bon tande !
Sa m wè pou ou Antwàn nan Gonmye
pa wè l!
Tansèlman w ap takinen m
W ap plede agase chen m
Epi lè fini pou di l mòde an trèt
W ap plede woule balon m
Kòmkidire se choute w pral choute l
W ap taye banda ban mwen
Epi w ap plede gade m dwòl
Mwen chita byen pwòp
Epi w vin ap grate tèt mwen
Kòmkidire se kap mwen genyen
Kouto digo m la byen pwòp
Epi w ap pase men w sou lanm li
Apre pou di m ou blese
M wè w ap plede satouyèt mwen
Pou wè si m sansib
Se bon tande,
Tansèlman se bon!

(© Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon: Koze Lanmou II
 

Se do l mwen wè
Se do l mwen wè
Sa, se kado mwen
Sou pretèks li pa gen tan menm sèjousi,
Pa menm yon alo pou di bonjou cheri
Tandiske l toujou gen w bèl souri nan vizaj li
Lè l li mesaj mwen yo
Kèk mo pou pete yon ekla ri oubyen pou pouse katchil
Kreyòl sa a, pa gen dout ke l, reve touche m
Tout kote l ta renmen:
Nan lye sekrè yo
Kote n ka tande senfoni zwazo yo
Nan mitan forè kote dlo yo ap plenyen
Nan plaj, pandan n ap jwe sou sab la
Dèyè gwo pyebwa nan mitan jaden yo
Imajinasyon yon souwè
Melanj yon rèv mouye
Paròl dous
Paròl rèv
Paròl an pil

(Emmanuel W. VÉDRINE)
Koleksyon: «Koze Lanmou II»

Elle de dos
Elle de dos
Ça, c'est mon cadeau
Sous prétexte qu'elle est prise ces jours-ci,
Pas même un allô pour dire bonjour chéri
Tandis qu'elle a toujours ce grand sourire au visage
Quand elle lit mes messages
Quelques mots pour rigoler ou pour déstresser
Cette Créole qui, je veux le croire, rêve de me toucher
Partout où elle désirerait:
Dans des lieux secrets
Là où l'on entend la symphonie des oiseaux
Au fond de la forêt où murmurent les eaux
A la plage, tout en jouant sur le sable
Derrière les arbres géants au fond des champs
Imagination d'un souhait
Mélange d'un rêve mouillé
Parole douce
Parole de rêve
Parole en pile

(Emmanuel W. VÉDRINE)
Collection: «Pages d'amour»

Lei di spalla
Lei di spalla
Questo è il mio regalo
Con la scusa che è presa in questi giorni
Neanche un ciao per dire buongiorno caro
Mentre ha sempre un grande sorriso sulle labbra
Quando legge i miei messaggi
Qualche parola per scherzare o per distendere
Questa Creola che, mi piace crederlo, sogna di toccarmi
Ovunque desiderasse:
La dove si sente la sinfonia degli uccelli
Nel profondo della foresta dove mormorano le acque
Sulla spiaggia, giocando con la sabbia
Dietro agli alberi giganti in fondo ai campi
Immagine di un desiderio
Miscuglio di un sogno bagnato
Parola dolce
Parola di sogno
Parola in pila

(Emmanuel W. VÉDRINE, versione italiana di Francesca Palli)
Collezione: «Pagine d'amore»

 

Se Kreyòl mwen pale
Mèsi Papa Bondye dèske se kreyòl mwen pale
Ala bèl lang sa a bèl!
Mwen di sa m panse ladan san tèt grate
Mwen pa gen okenn vèb pou m konjige,
Okenn sibjonktif m ap anplwaye
Pa gen fè tilititi
Pou blofe pitit natifnatal yon peyi
Mèsi Papa dèske se an kreyòl mwen panse
Mèsi dèske m fèt sou tè d Ayiti
Kote lang sa a soti
Lang yon dal gwo Ewo te pale:
Tousen
Desalin
Kapwalamò
Anrikristòf
Chalmayperal
Yo tout te pale kreyòl
Se nan lang sa a yo te kominike
Pou yo te ban m libète
Yon lang ki pa lang vini
Lang kolon yo ta renmen detwi
Men m p ap boukante lang mwen an
Pou lang ki soti lòt kontinan
Mwen p ap fè boukantay pou okenn bagay
Zafè sila yo ki renmen esklavay
Fòk se li pou m pale
Se nan li pou m reve
Se li m pi renmen
Se li ki san mwen
Kreyòl se nanm mwen
Nenpòt Ayisyen ki ta meprize lang sa a
Pa yon vrè kreyòl
Se pa yon vrè natifnatal peyi d Ayiti
Son w ti sousou lòt peyi
Yon sousoubrake k pa gen kote pou l rete
Yon reskiyè k toujou ap tann kras manje
Yon moun ki san diyite
Ki pa konn sa l ye.

(Emmanuel W. Védrine)

I speak Kreyol
Thank you Father God for being able to speak Creole
What’s a beautiful language!
I say what I want in it without scratching my head
I don’t have to conjugate verbs to communicate,
No use of the subjunctive
No pretentious tilititi speech
To bluff natives of a country
Thank you Father for being able to speak Creole
Thank you for my birth place, Haiti
Where this language was born
A language spoken by a bunch of Great Heroes:
Toussaint L’Ouverture
Jean-Jacques Dessalines
Capois Lamort
Henri Christophe
Charlemagne Peralte
They all spoke Creole
They communicated in that language
To be able to give me freedom
A home made language
Language that the Settlers would like to destroy
But I am not swapping my language
For languages coming from other continents
I am not swapping it for anything
Too bad for those who like slavery
It’s the one I must speak
I dream in it
It’s the one I like the most
It’s my blood
Creole is my soul
Any Haitian who’d look down on this lanuage
Would not be considered a true Creole
Not a real native of Haiti
But a subservient of another country
A flunky who has no place to live
A moocher who’s always waiting for left over food
A person with no dignity
One who doesn’t know who he is.

(Emmanuel W. Védrine)
Collection: “Cry for liberation”

Sekrè lanmou
Men prentan santiman
Mwen gen pou ou yo
Pa jis koumanse fleri
Sa gen anpil sezon
Yon istwa byen long
Yon chapit ki te fèmen andedan m
Yon pwa sou pwatrin mwen
E m pa t ka defèt mwen
Pou m ta libere de eklè sa a ki dechire m.
Mwen pale ak ou nan rèv mwen
San m pa revele w sekrè sa a
Mwen t ap karese a.
Mwen te prefere rete
Nan yon labirent lanmou
E pafwa m kwense
Nan yon kafou ki avegle m.
Mwen viv ak mak sa a andedan m
San m pa janm pran yon ti chans file w
Men m te vle rakonte w rèv sa a yon jou
Yon rèv ki petèt ka touche w e pouse w
Pou konprann mwen
E reponn
A palpitasyon kè m.

Emmanuel W. Védrine
Koleksyon: Koze lanmou II

 

Sen Valanten, priye pou mwen
Sen Valanten prèt pou rive
Gen moun k ap tann sa l ap pote
Pwasondavril mwa fevriye
Oubyen kado ki pa vlope

Sen Valanten, priye pou mwen
Tanpri souple pou m jwenn chans mwen
Pwasondavril, se pa sa m vle
Men yon ti kado san vlope.

(© Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon: Koze Lanmou II

 

Sezon wouj
Sezon sa a sot ravaje pèp mwen an
Yon pèp k ap karese espwa yon
Demokrasi apre plis ke trantan anprizone
Sezon sa a ki eseye touye espwa 16 Desanm nan
Frape tout moun ki reve yon demokrasi tou nèf
Men sezon sa a pa la pou lontan
Sezon wouj se yon sezon kote magouyè gen pouvwa a
Men yo pa gen otorite.
Wi, yon pouvwa tanporè kote y ap rejwi
Yo gen pouvwa pou touye inosan
Pou fabrike ak men wouj yo yon fòm de demokrasi
Yon demokrasi ki pa gen okenn rapò
Ak demokrasi 7 Fevriye 91 lan
Van sa a ki sot soufle a paralize
Anpil aktivite;
Li pouse pèp la pou l al viv nan kache
E li pa ka esprime panse l
Nan tout peyi a, ou ka wè yon larivyè san
Ke sezon sa a kite
Poukisa?
Se jis pou yon chwa,
Wi, chwa 16 Desanm 90!
Sezon sa a pèmèt pèp Ayisyen an pou l demaske
Tout madigra ki bloke wout demokrasi a
Li pèmèt li wè tou vrè patriyòt k ap lite
Pou yon lòt Ayiti.

(Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon: Poetry in Haitian Creole ,
Kri pou liberasyon
 

Saison rouge
Cette Saison vient de ravager mon people,
Un people qui caressait l'espoir d'une
D émocratie après plus de trente ans emprisonné;
Cette Saison qui essaie de tuer l'espoir du 16 Décembre
A frappe tous ceux qui rêvent d'une nouvelle démocratie
Mais cette Saison ne durera pas longtemps.
Saison rouge est la Saison où les putschistes ont le pouvoir
Et non l'autorité.
Oui, un pouvoir éphémère où ils se réjouissent.
Ils ont le pouvoir de tuer les innocents,
De fabriquer avec leurs mains rouges une forme de démocratie,
Une démocratie qui n'a aucun rapport avec celle
Du 7 Février 91.
Ce vent qui vient de souffler a paralysé
Beaucoup d'activités;
Il poussent ce people à vivre dans la clandestinité
Et il ne peut pas exprimer sa pensée.
A travers le pays, on peut voir une rivière de sang
Qu'a laissé cette Saison.
Oui, on peut voir des cadavres serrés comme sardines
Au bord de cette rivière rouge.
Pourquoi?
C'est juste pour un choix,
Oui, le choix du 16 D écembre 90!
Cette Saison permet aussi au peuple haïtien
De démasquer tous ceux tous ceux qui bloquent la la route de la démocratie
Et de voir tous les patriotes qui luttent
Pour une nouvelle Haïti.

(Emmanuel W. Védrine)
Collections: Un stylo international,
Kri pou liberasyon
 

Sa ou dwe konnen
Mwen vle w konnen
Ke gen yon moun k ap panse a ou
Yon moun ki vle ede ou
Sou wout la
Yon moun ki ka solisyone pwoblèm ou
Yon moun ki vle ak ou
Lè solèy la klere
Ak lè lapli tonbe
Mwen vle w konnen
Ke gen yon moun
Ki p ap kite w pou kò w
Yon moun ki panse a ou
Yon moun ke ou ka pale ak li san pwoblèm
Epi kè ou ap kontan
Premye fwa w ap kontan konsa
Se mwen menm,
Yon moun ki panse a ou menm.

Emmanuel W. Védrine
Koleksyon: Poetry in Haitan Creole,
Koze lanmou (Vol.I)

Ce que tu dois savoir
Je veux que tu saches
Qu’il y a quelqu’un qui pense à toi,
Quelqu’un qui veut t’aider
Au long de la route.
Quelqu’un qui veut solutionner tes problèmes,
Quelqu’un qui veut être avec toi
Quand le soleil brille
Et quand le temps est à la pluie.
Je veux que saches
Qu’il y a quelqu’un
Qui ne te laissera pas toute seule,
Quelqu’un avec qui
Tu peux parler avec aisance
Et tu seras contente,
Contente plus que jamais.
C’est bien moi,
Quelqu’un qui pense à toi.

Emmanuel W. Védrine
Collection: «Pages d’amour»

What I want you to know
I want you to know there is
Someone who’s thinking of you,
Someone who wants to help you
Along the way,
Someone who can take your problems away,
Someone who wants to be with you
When the sun is shining
And when there is rain.
I want you to know there is
Someone who won’t let you down,
Someone who will care for you,
Someone you can talk to,
Someone who will make your days brighter
And who will make you feel happier.
I want you to know
This person is me,
Someone who
Thinks about you.

Emmanuel W. Védrine
Collection: Poetry in Haitan Creole, Koze lanmou
 

Si m te, m ta…
Si m te Desalin,
M ta libere Ayiti ankò
Si m te Tousen,
M ta reekri
Istwa d Ayiti
Si m te wa Kristòf,
M ta rebati
Ayiti
Si m te Kapwalamò
M ta tonbe m leve
Epi m kontinye ap galope
Si m te Chalmayperal,
M ta fyè
M ta kontinye mache bwòdè
M ta tankou yon zetwal
K ap briye
Kote ki pa klere
M ta mache chalmayperalteman
Ak kè kontan
San m pa pantan
Malgre tout touman
Tout vye pikan.
Si m te ka rekolonize Ayiti,
M ta fè l tounen yon paradi.
M ta simen plan lanmou
Toupatou
M ta fè pepinyè lanmou
Pou al plante
Lòt kote.
Si m te ka rekolonize Ayiti,
M ta repran fyète
Desalin ak Tousen te pote
Zòt t ap respekte m
Li pa ta meprize m.
Si m te chèfseksyon
Nan yon seksyon,
M ta aji byen ak peyizan
Epi tout t ap kontan.
Si m te militè,
M ta mache tèt anlè
Pèp la pa t ap wè m kòm ènmi
Men yon zanmi
K ap pwoteje l
Ki p ap tire l.
Si m te ka reekri
Istwa d Ayiti,
Ala pawòl mwen ta di!

Emmanuel W. Védrine
Koleksyon: Kri pou liberasyon

If I were, I would…
If I were Dessalines,
I would liberate Haiti again,
If I were Toussaint,
I would rewrite
The history
Of my country.
If I were king Christophe,
I would rebuild Haiti.
If I were Capois Lamort,
I would fall from my horse,
Get up
And keep on riding it.
If I were Charlemagne Péralte,
I would be proud.
I would keep on walking,
Looking
Very sharp.
I would be like a star
Shining
In the dark
I would walk with pride,
With happiness
Without any fear
Despite of all torment,
All thorns.
If I could colonize Haiti again,
I would sew the seeds of love
Everywhere,
I would make a nursery of love
To be planted
In other places.
If I could colonize Haiti again,
I would take back the pride
That Dessalines and Toussaint have brought;
Other nations would respect us.
They wouldn't look down on us.
If I were a county sheriff
In a county,
I would act well with peasants
And they would be happy.
If I were a military man,
I would walk with pride;
The people wouldn't see me as enemy
But, a friend,
Someone who wouldn't shoot at them.
If I could rewrite
The history
Of my country,
I would have so much to say.

Emmanuel W. Védrine
Collection: Koze lanmou II
 

Si ou te konn apresye
Si ou te konn apresye
Ou pa ta janm bliye
Bèl moman ke n te pase
Ou ta toujou ap panse
Kisa nou te pataje
Men ou fè kòmsi ou bliye
W ap mache adwat agoch
San ou pa konn kote w prale
Ou tankou yon vye machin ki pèdi fwen
Lì lè pou egzaminen
Wi li lè pou retounen
Mwen toujou la
Ap tann ou pou n pale sou sa

E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)
 

Si van an vante…
Si van an vante fò sou ou
Kite l souke w pou yon ti moman
Men pa tonbe
Pa kite l pote w ale

Si pou yon rezon patikilye
Li souke w
Panse nan ki direksyon l ap pote w:

Sid
Lès
Lwès

Si ou santi van an vante lè ou ouvè fenèt kè w
Panse a soupi m
Si w wè tak lapli sou fenèt kristal ou a
Panse a dlo k te konn sot nan je m avan
Dlo k te konn sot nan je w lontan
Siy ki montre w te damou
Ak lawouze k te konn nan wout ou
Souvni mak pye ou.

Emmanuel W. Védrine
Koleksyon: Koze lanmou (Vol.I)
 

Si w ap vole
Si w vle ale
fè yon bon vwayaj
Si w fatige,
fè yon ti poze
Si w vle ale,
m p ap kenbe w
ni m p ap fòse w
Si w vle ale
sèke w p at vin pou rete
poukisa pou m enpoze w
ale si w vle?
Chemen an long, mache
Panse pandan w ap voltije
Vole, syèl la tou ble
Tansèlman fèt atansyon lè w pral poze
Ouvè je w pou zèl ou pa frape
Ant branch bwa w ap poze
Ouvè je w pou wè nan ki nich w ap kouche,
Fèt atansyon pou yo pa deniche w
Chaje malfini k ap veye w
Si w vle ale,
Vole w ale
Men konn kote w prale
Konn sou ki branch ou pral poze
Ki nich ou pral rankontre
Si w fatige,
Fè yon ti poze
Pou panse
Anvan w ale.

E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)

Si w te konnen…
An an an, ou pa t konnen ?

Ou pa konnen gen w moun ki ka
seche dlo nan je w
fè kè w kontan
tout tan
rale w vin sou li
miyonnen w
epi lage siwo myèl ak chanpay
sou tout kò ou
pou pran w beny lanmou ?

Ou pa konnen gen w moun ki ka
fè delivre kamyon woz lakay ou
chak jou pou fè w konnen koulè lanmou ?

Ou pa konnen gen w moun ki ka
fè kè w kontan
nan bon kou nan move tan?

Ou pa konnen gen w moun ki ka
fè w wè lanmou pi enpòtan
pase lò ak dyaman?

Ou pa konnen gen w moun ki ka
fè letoudimonn ak ou
pou rejwi tout kote nan lanmou?
An an an, ou pa t konnen?

Emmanuel W. Vedrine
Koleksyon “Koze lanmou II”

Oh, oh, tu ne le savais pas ?
Tu ne savais pas qu'il existait au monde quelqu'un
qui peut sécher les larmes de tes yeux
te rendre heureuse
tout le temps ?

T'attirer vers lui
te caresser tendrement,
faire couler sur tout ton corps
du miel et du champagne
en un grand bain d'amour ?

Ne sais-tu pas qu'il est là,
quelque part au monde, celui
qui peut te faire livrer jour après jour,
un camion de roses
pour connaître les couleurs de l'amour ?

Ne sais-tu pas qu'il est quelqu'un
qui peut te rendre heureuse
dans les bons comme dans les mauvais moments ?

Celui qui peut te faire entendre
combien l'amour vaut mieux
que tout l'or et les diamants ?

Ne sais-tu pas qu'il est quelqu'un
qui peut faire avec toi le tour du monde,
et ressentir partout l'amour ?

Oh, oh, tu ne le savais pas ?

(Emmanuel W. Védrine)
version française: Jean-Samuel Sahaï
Koleksyon: «Pages d’amour»

Tu non lo sapevi...
Oh, oh, tu non lo sapevi ?

Tu non lo sapevi che al mondo c'è qualcuno
che può asciugare le lacrime dai tuoi occhi
renderti felice
sempre ?

Attrarti verso di lui
accarezzarti affettuosamente,
fare scorrere sul tuo corpo
miele e champagne
in un grande bagno d'amore ?

Non sai che è là,
da qualche parte nel mondo, colui
che può farti avere giorno dopo giorno,
un vagone di rose
per farti conoscere i colori dell'amore ?

Non sai che c'è qualcuno
che può renderti felice
nei buoni come nei brutti momenti ?

Colui che può farti intendere
come l'amore valga di più
che tutto l'oro e i diamanti ?

Non sai che c'è qualcuno
che può fare con te il giro del mondo,
e sentire ovunque l'amore ?

Oh, oh, tu non lo sapevi ?

(Emmanuel W. Védrine)
versione italiana: Francesca Palli
  

Solèy lanmou w kouche pou mwen
Apre m fin w damou pou mwen
Nan rèv ou yo
Mwen koumanse naje
Nan lanmou w
Yon lak mwen panse m
Te ka travèse
San difililte

Mwen gen tan anpile
Yon dal bèl rèv
Ki t ap soufle dife anndan m:
Panse m fè lakwobat lè m reve w
Kòmkidire m te gentan goute
Siwo lanmou w
Mwen karese w san m pa janm touche w
Chak kou m reve w
Rèv mwen yo mouye

Ou koumanse mache
Nan chimen lanmou m
Epi w voup ou kanpe
San w poko menm rive
Pou ta di m kouman wout la te ye.

Emmanuel W. Védrine
Koleksyon: Koze lanmou II
 

Solèy sa a
Lè m pa wè Solèy sa a
Lonbray fè m chagren
M santi m frèt
Yon fredi nan mwèl zo
M santi m bouke
Bouke nan tout manm
Dòmi nan je m
Yon dòmi gwo lajounen
Mwen tris
Yon tristès san parèy
M fatige,
Nan bra ou
M ta renmen
Repoze.

(Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon: Koze lanmou II
 

Sou Sou Sou
Li se youn nan chante m pi renmen
Chak lè m tande l
Mwen sonje Sou
Sou Sou Sou ak Sou bèl.

Plis mwen tande l
Se plis mwen panse a Sou
Se yon bagay
Ke sou pa te janm panse

Poukisa m pa t kontre ak      Sou
Anvan m te tande                  Sou Sou Sou
Plis mwen tande                    Sou Sou Sou
Se plis mwen santi m pi pre  Sou

Emmanuel W. Védrine
Emmanuel W. Védrine
Collection: Poetry in Haitian Creole,
Koze lanmou (Vol. I)

Su Su Su
It’s one of my favorite songs.
Every time I hear it,
I remember Su.
Su Su Su and Su are beautiful.

The more I hear it,
The more I think about Su.
It’s something
That Su never had in mind.

Why didn’t I meet         Su
Before hearing that       Su Su Su ?
The more I hear            Su Su Su,
The closer I feel to      Su

Emmanuel W. Védrine
(Collection: Un stylo international)
 

Souri ban mwen
Se souri pa w menm ki enterese m
Se li m ta renmen trape
Pou lanmou w kontamine m
Si w souri ban mwen,
Imedyatman m ap souri ba ou
Yon senp souri kouwè pa w
Ka fè yon dal lòt moun souri tou.
Yon ti van souri w sèlman
Ka fè letoudimonn nan yon klendèy,
Konsa lanmou w ka tounen yon epidemi
Pou enfekte latè.
Kontinye souri
Tout moun bezwen yon ti souri:
Souri ban mwen
M a souri ba ou.

Emmanuel W. Védrine
Koleksyon: Koze lanmou II
 

Souri l ak pa Mona Lisa
Mwen sonje
Lè m te wè l
An septanm
Mwen pa sonje ki lè l te ye
Mwen jis sonje souri l
Li gen po yon zanj
Je l chaje ak ekla limyè
Tankou reyon solèy
K ap klere
Byen bonè
Sou yon planet tou nwa
Souri l tankou yon leman
Ki atire yon kè ki pa lwen
O, zetwal k ap briye
Nan yon planèt ke m ap reve!
Se te an desanm
Lè m te fèk pale avè l
Epi souri l te la toujou
Souri ki briye sou dan ivwa l yo
Souri ki kapte yon kè vid
Souri ki enkonparab ak
Souri Mona Lisa.

E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)

Souvni
Mwen sonje jou
premye randevou nou
jan ou te damou pou mwen
Men kounyeya, ou prale
ou fè kòmsi m pa t egziste
Ou gen entansyon kite m
mwen swete ou bòn chans
men yon jou w a retounen
nan sous mwen an
pou koupe swaf ou
Mwen sonje ou te di
ke w ap toujou avè m
men nan moman nwa sa yo,
ou bliye pwomès sa a.

E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)
 

Tande kri peyizan yo
Grangou pa dous
Grangou ap touye nou
Yo vòlè tè nou
Pri manje monte bwa
Lapli pa tonbe
Nou bezwen ponp dlo
Pou wouze tè yo
Peyizan yo ap pati
Pral lòt peyi
Yo kouri dèyè yo lòt bò dlo
Epi yo kontinye ap pran dlo
Men se pa fòt yo
Krim tribòbabò
Nan yon peyi
Fòk nou rebati Ayiti
Fòk mizè ak krim
Fini
Ayiti !

(Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon: Kri pou liberasyon
 

Te kwè nou tout se Ayisyen
Yon pòsyon pa jwenn
Lòt pòsyon gonfle
Genyen ki gonfle chak jou
Gen lòt k al dòmi grangou
Ou mal bat kat la
Ou kenbe tout bon zèl yo
Rebat li pou mwen
Mwen pa nan koken
Brase chodyè a
L ap bouyi yon sèl bò
Separe manje a
Separe l ankò
Yon pòsyon pa jwenn.
Nou tout se frè
Ann eseye viv an pè
Pa pete m
Sispann blofe m
Ann pale
Ann diskite
Nou tout fèt menm kote
Ann chita pou n pale.
Gade m ap penpenyen
Epi n ap byen mennen
N ap manje van plen
Epi m ap mouri lafen
N ap avanse
Epi m ap rekile
N ap naje
Epi m ap koule
Te kwè se frè nou ye
Te kwè nout tout se Ayisyen.

(Emmanuel W. Vedrine)
Koleksyon: “Kri pou liberasyon"

Transpòtasyon an(n) Ayiti
Yon sektè k pa janm kontwole
Aksidan kote ou pase
Leta pa janmen di anyen
Se kòmsi vi moun pa anyen

Plen enjenyè ki diplome
Menm kannal yo pa ka fouye,
Vwa pou konstwi wout devlopman
San ke yo pa rele yon blan

(E. W. Vedrine)
Koleksyon: «i powèm ayisyen oktosilab»

Trantan anprizone
Trantan anprizone
Abraham di sètase
Frè m yo, pa dekouraje
Lè ou sonnen
Pou kase chenn sa yo ki te mare
Ou tout kote
Konbyen ke ou soufri!
Konbyen ke ou lite!
Pa dezespere!
Lè delivrans lan sonnen,
Priyè ou ekzose :
Soti nan yon kacho
Byen cho.

(Emmanuel W. Vedrine)
Koleksyon: “Kri pou liberasyon"
 

Triyang souwè
Ou antoure ak souwè
Jou anivèsè ou
Gran jou sa a nan ane a
Yon prensès fèt
Tout moun ap selebre ak ou
Yon mwa ki fè moun sonje anivèsè yon wa
Manman ou te fè meyè chwa
Pou rezève jou sa a pou ou
Gade yon kado anivèsè!
Gade yon fèt pou dat nesans ou!
Jou ke ou te fèt
Sezon lè nèj ap tonbe
Sezon lè tout kè kontan
Moun santi yo ere
Tout kote
Yon prensès fèt
Nan fen yon ane.

E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)

Vale Romantik
Yon vale romantik chaje ak bèl flè,
peyi kote aromat flè fè myèl jedou
pou vin tòtòt yo pou al fè gato
Tout yon richès ki kache nan zantray lanati,
bagay natirèl
Inivè ki gen yon rivyè lanmou
k ap koule atravè l chak jou,
andwa kote siwo myèl gen pi bon gou,
siwo ki satouyèt sansasyon
pou fè kokoriko chante
Myèl gen tout rezon paweze
nan yon vale konsa,
Kote lawouze toujou ap kabicha
Imaj tout yon ti paradi,
meyè andwa pou viv lavi
Tout yon peyi kote lanmou pa janm dòmi.

(Emmanuel W. VEDRINE)
koleksyon: «Koze lanmou II»
 

Vèb renmen
Vèb anmè
Vèb brak
Vèb dous
Vèb dwòl
Vèb egoyis
Vèb enkwayab
Vèb inesplikab
Vèb rak
Vèb sovay
Vèb ki bay kè kase
Vèb ki bay kè kontan
Vèb ki bay tèt chaje
Vèb ki bay touman
Vèb ki bay vant bouyi
Vèb ki fè cheve tresayi
Vèb ki fè moun depale
Vèb ki fè moun fè jalouzi
Vèb ki fè moun kriye
Vèb ki fè moun pantan
Vèb ki fè moun ri
Vèb ki fè moun suiside
Vèb ki fè moun tranble
Vèb ki gen manti
Vèb ki gen verite
Vèb ki ka fè moun fou
Vèb ki konjige a de
Vèb ki konplike.

Emmanuel W. Védrine
Koleksyon: Koze lanmou II
 

Vote ak konsyans!
Alo Ayiti Cheri! Alo o! Wi se mwen...
Wi pitit ou nan dyapora a…
Wi, se yon long distans!
Se yon mesaj mwen gen pou ou:
Di pèp la al vote jou eleksyon.
Di l pa panike, al vote!
Jan l Pase l Pase!

Pa rete andedan kay,
Di yo al ranpli devwa sivik yo jou sa a!
Fòk nou vanse kote n rive a!
Di yo vote demokratikman cheri!
Di yo pa vote kandida pou kleren.
Vote ak konsyans!

Vote yon kandida yo panse ki kapab pote yon chanjman,
Vote yon kandida ki kapab travay pou byennèt Ayisyen,
Vote yon kandida ki gen mwens twou nan manch!
Di yo fè sa ak lòd cheri!

Suiv lòd ofisyèl yo ak lapolis jou sa a pou montre yo sivilize.
Pa fòse yon moun vote yon kandida jis pou pwomès.
Vote dapre bon jan enfòmasyon yo genyen de kandida a,
Youn yo panse ki ka fè yon diferans tande.
Bòn chans a kandida ki va monte a!
Jan l Monte l Monte!

Pa bliye se prezidan tout Ayisyen (kapitalis, kominis (fo, vrè),
maksik (fo, vrè), opòtinis, pòv, rich, sosyalis (fo, vrè) li pral ye.
Tout se pitit Sò Ayiti ki renmen yo malgre jan yo ye.
Donk ou va di l fè tout posib li pou fè yo travay ansanm
Dekwa pou sove lonè lapatri.
Di yo al vote jou vòt la toutoun!
Oke, m ale cheri!

(E. W. VEDRINE)
Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

 

Vwayajè
Gen anpil rezon
Ki fè moun vwayaje:
Gen vwayaj biznis,
Gen vwayaj plezi elatriye…
Ou fè konesans
Yon lòt kilti.
Konpòtman moun yo
Byen diferan.
Yo kontan
Pou wè lòt moun.
Ou aprann de yon lòt kilti;
Moun yo byen kontan.
Moun yo prè pou ede ou
Paske ou se etranje
Yo kirye
Men yo pa janm fache.

(Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon: Poetry in Haitian Creole
 

Le voyageur
Il y a beaucoup de raisons
Qui poussent les gens à voyager:
Il y a le voyage d'affaires,
Il y a le voyage de plaisir etc…

On fait la connaissance
D'une autre culture.
Le comportement des gens
Est bien différent.

Ils sont contents
De voir d'autres gens.
On apprend d'une autre culture.
Les gens sont contents bien sûr.

Les gens sont prêts à vous aider
Parce que vous êtes étranger.
Ils sont curieux
Mais un peu taiseux.

(Emmanuel W. Védrine)
Collection: Un stylo international
 

Womans Ozetazini
Womans egziste nan tivi
Nan peyi Etazini
Isit pa gen vrè womans
Tout sa yo montre nan tivi se rans

Nan peyi isit moun pa damou pou gen mesi
Yo toujou gen yon bi
Moun pa damou pouryen
Fòk yo konn dekiprevyen

Fanm isit pa renmen w konsa
Fòk yo konn sa y ap jwenn nan sa
Pafwa yo montre ke yo damou
Men se pa yon vrè amou

Isit ou pa montre yon fanm ke w damou
Li ka konprann ou fou
Men si se li k damou tout bon
Ou mèt di w nan won

E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)

Yo menm, mwen menm: ladiferans
Twòp moun k ap kowompi!
Èske m se youn k ap kowompi tou?
Twòp kowompi!
Èske m se yon jij kowompi?
Twòp kriz!
Èske m ap viv nan yon sosyete ki an kriz?
Twòp konfli!
Èske se konfli denterè?
Twòp politisyen!
Èske m ka yon politisyen onèt?
Twòp pwoblèm!
Èske m ka pote yon solisyon?
Twòp mizè!
Èske m ka bay manje?
Twòp fatra!
Èske m ka ede mentni vil yo pwòp?
Twòp medyòk!
Èske m ka fè yon bagay kont medyokrite?
Ase! Ase! Ase!
Nou dwe fè ladiferans!

(Emmanuel W. Vedrine)
Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

Eux, moi: la différence
Assez de corrupteurs!
Suis-je un corrupteur aussi?
Assez de corrompus!
Suis-je un juge corrompu?
Assez de crises!
Est-ce que je vis dans cette société en crise?
Assez de conflits!
Sont-ils des conflits d’intérêts?
Assez de politiciens!
Est-ce que je peux être un politicien honnête?
Assez de problèmes!
Est-ce que je peux apporter une solution?
Assez de misères!
Est-ce que je peux donner à manger?
Assez de fatras!
Est-ce que je peux aider à maintenir les villes en propreté?
Assez de médiocres!
Est-ce que je peux faire quelque chose contre la médiocrité?
Assez! Assez! Assez!
Que nous fassions la différence!

(Emmanuel W. Vedrine)

Yon bèl jaden flè
Ou se yon bèl jaden flè
Ki fleri nan tout sezon
E atravè li
Gen yon bèl rivyè k ap koule
Kote moun ki swaf
Kapab vin bwè pou rasazye swaf yo.
Anpil fwa nan rèv mwen,
M wè m ap mache nan jaden sa a
Pou kontanple bote lanati
Men apre m fin reveye,
M pa konn sa pou m fè
Paske m wè l sèlman nan rèv.

Emmanuel W. Védrine
Koleksyon: Koze lanmou II

Yon bouke flè pou fanm vanyan
M ap voye yon bouke flè pou tout fanm vanyan
Pou tout sa ki toujou devan
Nan tout leve kanpe
Pou motive lòt k ap lite

M ap voye yon bouke flè
Bay tout manman pitit ki pase rèvè
Ki kenbe kè nan tout soufrans
Jouktan yo rive jwenn yon delivrans

M ap voye yon bouke flè bay
Fanm lavil, fanm nan mòn
Ki toujou ap chache vye pay pou lakay
Yon bouke flè pou tout madanm ki respekte bòn

M ap voye yon bouke flè
Pou tout manman k ap mache pye atè
K ap pwonmennen chache lavi
Pou pitit yo grandi

(Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon
: Koze lanmou (Vol. I)
Bon Nouvèl, mas 2005, #416

Yon jaden lavi
Imajine w ta ap mache pou kont ou
Nan yon jaden woz
Kote w wè tout kalite bèl flè
Yon bèl dlo k ap wouze yo,
Awomat flè sa yo
Ba w yon anvi pou mache
Pi fon nan jaden sa a
Chan zwazo yo…
Anfen, tout yon kosmòs lanmou,
Yon paradi
Epi toudenkou w vin panse a yon moun
Ke w ta renmen wè la
Pou pale ak li,
Di l tout bagay,
Yon pakèt, yon dal bagay
Ki kache andedan fon kè,
Yon pil bagay ou ka imajine…

(Emmanuel W. Védrine,
koleksyon: Koze lanmou II)

A garden of life
Imagine that you were walking alone
In a rose garden
Where you see all types of beautiful flowers
A beautiful spring watering them,
The aroma of these flowers
Give you an envy to walk
Deeper in that garden
The song of the birds…
And, all a little world of love,
A paradise
And all of a sudden you begin to think of someone
Someone you'd like to see there
To talk to,
Tell everything to,
So many, a gang of things
Things hidden down deep in the heart,
A bunch of things you can imagine…

(Emmanuel W. Védrine,
collection: Koze lanmou II

Un jardin de la vie
Imagine-toi marchant tout seul
Dans une roseraie
Parmi toutes sortes de belles fleurs
Qu'arrose une belle source.
Le parfum de ces fleurs
Te pousse à aller plus loin
Au fond de ce jardin
Le chant des oiseaux…
C'est un p'tit monde d'amour
Un paradis
Et tout à coup tu te mets à penser à quelqu'un
Quelqu'un que tu aimerais voir, là,
Pour lui parler
Pour tout lui dire,
Toute une foule de choses
Choses enfouies au fond du coeur,
Tant et tand de choses, tu t'imagines…

(Emmanuel W. Védrine,
collection: Paroles d'amour
traduction française de Jean-Samuel Sahaï
 

Yon pye flanbwayan
Bèl ti pye flanbwayan
M renmen ret pre w pou ti van
Ou se yon bèl pyebwa
Ki bay frechè espwa

Bèl ti pyebwa
Pami anpil lòt bwa
Bèl ti pye flanbwayan
Ou fè anpil moun yan

Ou atire anpil pasan
O, pye flanbwayan!
Frechè w rafrechi kè mwen
Lonbray ou pwoteje mwen

Bèl ti pyebwa
Ou bay anpil espwa
Lonbray ou se tonnèl mwen
Frechè w rafrechi kè mwen

E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)

Yon ti woz
Ou se yon bèl ti woz nan lanati
Yon bèl ti flè k ap fleri
Nan yon jaden flè
Yon bèl kote ki gen frechè

Ou se yon bèl ti woz k ap vini
Yon bèl ti woz k ap fleri
Bò yon granchemen ki atire moun k ap pase
Yon bèl ti woz anpil moun ap gade

Ou se yon bèl ti woz ki prèt pou mi
Yon ti woz ki fin fleri
Anpil wanganègès ap eseye poze sou ou
Anpil myèl ap eseye pran sik ou

Ou se yon bèl ti woz nan yon jaden
Men ki twò pre yon granchemen
Yon woz ke anpil pasan ap gade
Yon woz ke yo tout ta renmen pote ale

E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)
 

Yon vwayaj an Itali
O ! Mwen renmen Itali anpil
Mwen te toujou panse vwayaje la
lè m te piti
Itali se peyi kè kontan.

O ! Mwen sonje vwayaj mwen te fè
distans Nis a Roma Termini
pa enpòtan
oubyen distans Baselòn a Veròn
mwen te vle la sèlman.

Ròm ! Ròm ! Mwen rive Ròm ?
Vatikan ! Vatikan ! Ann al nan vil sa a!
Itali, peyi Dante,
se tè romantik la.

Emmanuel W. Védrine
Koleksyon: Un stylo international

Un viaggio in Italia
Oh ! Mi piace tanto l'Italia.
Pensavo sempre di fare un viaggio lí
quando ero bambino.
L'Italia è il paese dell'allegria
e della felicità.

Oh ! Mi ricordo dei viaggi che ho fatto
Non m'importa per la distanza
da Nizza a Roma Termini
oppure da Barcelona a Verona.
Volevo soltanto stare lí.

Roma ! Roma ! Sono arrivato a Roma ?
Vaticano ! Vaticano ! Andiamo a questa città !
Italia, il paese di Dante,
è la terra romantica.

Emmanuel W. Védrine
Raccolta: Un stylo international
 

Zwazo ak prentan
Bon zwazo m nan, m santi
Ou kòmanse respire lè yon prentan
Ou menm ki esperyanse moman nwa
Ou pa lwen sezon sa a
Ke ou reve toutan
Bon zwazo prefere m nan!
Talè w ap jwenn libète ou
Ou menm k ap vole sou latè
Pou pote yon branch ramo
Bay frè ou yo
Ou pa bezwen pè bonm
K ap tonbe
Ni loray k ap gwonde
Fèmen nan yon kalòj pa chasè yo
Mwen konprann doulè ou
Talè ou pral libere
Pou vole
Kote ou vle.

(Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon: Poetry in Haitian Creole,
Un stylo international

Viré monté