Jèn Ayisyen ak Lidèchip

Emmanuel W. Védrine
 

Fillette
Fille haïtienne. © 2004 Marie Jo Mont-Reynaud.

Lè m te kòmanse panse seryezman a pwoblèm yo, mwen ekri ti atik sa a :

«Ki fiti jenès la»

Nou kwè li trè enpòtan pou montre jèn ayisyen kijan pou bati LIDÈCHIP. Se tout yon PWOGRAM MANCHLONG ki ta dwe fèt an(n) Ayiti kou nan dyaspora a ak jèn yo, montre yo ESTRATEJI pou òganize tèt yo (ke yo pa jis la pou FÈ GRÈV, KRAZE BRIZE pou ti krik ti krak, BOULE KAWOUTCHOU…). Menm lè w ap fè grèv, gen yon seri DISIPLIN a suiv (ou respekte leta /otorite ki reprezante leta). Leta tou dwe respekte dwa sitwayen yo ki gen dwa reyini PASIFIKMAN dapre konstitisyon an.

Jèn ayisyen bezwen MODÈL pou yo gade sou li ak ANKADREMAN. Modèl sa yo se nan nou menm ADIL y ap chèche yo. Mwen ta sijere nan sans sa a pou ta pwopoze yon KONFERANS ANYÈL POU JÈN AYISYEN (ki Ayiti ak nan Dyaspora a). Se yon konferans ki te ka dire 2-3 jou, dekwa pou yo ta prezante pwoblèm yo epi pwopoze yon seri solisyon, fè yon seri atelye pou yo.

LAJENÈS SE FITI YON YON PEYI. Si gouvèlman yon peyi pa ta panche sou pwoblèm lajenès, ou mèt konnen gouvèlman sa a pa gen anyen nan tèt li pou fiti peyi sa a. JÈN JODI SE LIDÈ DEMEN; donk si yo medyòk jodi (epi n pa prepare yo) enben demen y ap LIDÈ MEDYÒK tou.

KÈK NAN PWOBLÈM JÈN AN(N) AYITI AP KONFWONTE :

  1. Yo pa konn kote fiti yo gad.
  2. Pa gen modèl pozitif pou gade (plizyè fwa).
  3. Pa gen yon seri pwogram nan medya a (jounal, radyo, TV k ape de yo /pale de pwoblèm yo epi pwopoze solisyon).
  4. FRISTRASYON – Anpil konfwonte plizyè tip de fristrasyon kote yo konn menm panse a suisid.
  5. Koze ki TABOU nan sosyete ayisyèn nan e ki gen gwo enfliyans sou yo.

Ann pran pa ekzanp «reyalite pwoblèm seksyèl». SÈKS se yon koze TABOU ke paran ayisyen ta fè tout posib yo pou evite pale de li, e an(n) Ayiti pwoblèm nan pi grav toujou kote edikasyon majorite paran pa t janm fèt sou sa. Donk sosyete a ta dwe panche sou pwen sa a pou wè kijan yo ta kapab ede jèn yo, tabli sant kote yo te ka jwenn konsèy yo bezwen. Isit, nan prèske tout lekòl Ezazini, gen espesyalis nan «travay sosyal» ki la pou sa. Nou konnen se yon fenomèn nan lekòl (mwayen, segondè) kote anpil ti medam kòmanse ansent. Lefèt ke gen yon seri pwogram ki la deja pou ankadre yo, donk pa yo pa tèlman gen yon seri fristrasyon menm jan ak jèn tifi Ayiti ki ta pran nan gonm (nan laj sa a).

Anpil fwa Ayiti, ti medam yo fè AVÒTMAN ki pi devan konn koze kèk pwoblèm grav pou yo kote kèk konn fè ENFEKSYON ki koze yo ale nan peyi san chapo. Yo sou tansyon tou an(n) Ayiti lè sa rive lefèt ke pa gen yon seri sant ki la pou pran koze yo an men pou ede yo, ba yo tout konsèy posib. Jenn tifi a an(n) Ayiti ki lekòl, depi l ta tonbe ansent, li panse lekòl fini pou li, li panse sosyete a ba l do e sa k pi rèd la li vin tounen yon bèt nwa pou paran li. Donk EDIKASYON SEKSYÈL nan sans sa a ta dwe yon sijè pou yo ta diskite sou li nan kad pwoblèm jèn yo epi pwoblèm tou ki egziste ak MALADI VENERYÈN .

Anpil jèn yo, nan laj katòzan, gentan fòme (sitou tifi yo) – –

Se laj anpil tou kòmanse fè ti renmen. Gen tout yon TRANSFÒMASYON FIZYOLOJIK lakay jèn yo nan laj sa a. Depi n ap pale de RENMEN , konpè SÈKS pa twò lwen. Se vre, gen pwogram ki pale tou de ABTINANS . Men nou konnen reyalite a nan kad BEZWEN SEKSYÈL kote se pa majorite jèn yo ki pral mete «abtinans» an(n) aplikasyon. Donk EDIKASYON SEKSYÈL pou jèn yo se yon sijè ki ta dwe diskite an grann manchèt (nan lekòl, radyo, televizyon, jounal… nan tout medya posib pou atenn jèn yo).

(E. W. Vedrine)

KOMANTÈ

(yon moun voye)

«Ayiti se swadizan yon peyi trè 'kretyen' e se sa k fè koze seksyèl yo tabou pou jèn yo. Paske an prensip, yon jèn pa gen dwa nan relasyon si l pa marye. Donk, pwogram prevansyon yo pa ka mòde aklè, paske gen anpil pwotestan, katolik, elatriye. Ou pa ka pale yo pa egzanp de kapòt pou jèn,   piske pa dwe gen relasyon seksyèl ant jèn.

Yon zanmi pwotestan t ap di m lòt jou jan l te sezi lè l te pran konesans estatistik Sant JESKYO nan Pòtoprens ki okipe zafè moun ki gen SIDA. M kwè se chif 99 oubyen 2000 ki revele  pifò jèn fi ki fè avòtman (anviwon 70%) se pwotestan (kidonk, relasyon yo fèt anba chal). Jèn sa yo vin pou kont yo. Men, kanta pou ti advantis, ka a pi konplike paske se paran yo (manman yo sitou) ki mennen yo fè avòtman, paske si ti jèn advantis la ansent, se tout fanmi a yo eskominye nan legliz la.

An palan de sa, nan mwa ki sot pase yo, m t ap prepare yon  dokiman sou valè ayisyen, e yo te prèske entèdi m pale de reyalite ‘masisi' nan dokiman an paske gen anpil gwo tèt nan enstitisyon an (pwotestan kou katolik), sa  pa t ap fè yo plezi. Poutan, se te jis yon egzanp, jisteman pou montre gen nan sosyete (an(n) Afrik), si 2 gason ap mache men nan men, se jis yon siy kiltirèl, alòske pou lòt sosyete tankou Ayiti, yo nan metye.»

Haitian Youth and Leadership

(E. W. VEDRINE)

When I started thinking seriously about this issue, I wrote this short article entitled :

Ki fiti jenès la ” [What's the future of the youth].

We believe that it is crucial to teach Haitian youth how to build LEADERCHIP. It's a whole LONG-TERM PROGRAM that needs to be done in Haiti and as well with Haitian youth in the Diaspora - showing them STRATEGIES to organize themselves (that they are not just there to go ON STRIKES, DESTABILIZE anything to show their anger, BURN TIIRES…). Even when going on strike, there is a series of DISCIPLINES to follow (you respect the authority or authorities representing the government are to be respected). The government should also respect the citizens' right to gather PEACEFULLY according to the constitution.

Young Haitians need MODELS to follow and SUPPORT PROGRAMS. They are looking for these models within us, adults. I would suggest an ANNUAL CONFERENCE OF HAITIAN YOUTH (between those who are in Haiti and those in Diaspora). It's a conference that can last between 2-3 days to attend a series of workshops designed for them so that they would have enough time to present their problems and to discuss a series of proposed solutions.

YOUTH ARE A COUNTRY'S FUTURE. If the government of a country does not care about his youth' problems, you can assure yourself that this government does not have anything in mind either for the future of that country. TODAY'S YOUTH ARE TOMORROW'S LEADERS; so if they are mediocre today (and we don't prepare them), they will be also THE MEDIOCRE LEADERS OF TOMORROW.

SOME OF THE PROBLEMS HAITIAN YOUTH IN HAITI

HAVE BEEN FACING --

  1. They are not sure of their future.
  2. There is no positive models to look at (most of the time).
  3. There is the absence of a series of programs in the media (newspapers, radio, TV to help them /to talk about their problems and then propose solutions).
  4. FRUSTRATION – Many of them have been confronting many types of frustration where they even think of committing suicide.
  5. Issues that are TABOO in the Haitian society and that have in influence on them.

Let's take for instance about the “sexual problems”. SEX is an issue that is TABOO for Haitian parents and they would do their best to avoid talking about it. In Haiti, this problem is even worse where the sexual education for the majority of parents was never done. So, the society should be concerned about this particular issue and see how they could help the youth, establish centers where they could find counseling that they need. Here in the United States, in almost all schools, there are specialists, social workers who are there for that purpose (to work with young people). We know that it's phenomenon in the schools (middle, junior high and high school) where many girls become pregnant. The fact that there are programs that are already there to help them, they don't have too much frustration as young Haitian girls in Haiti would (at this age).

Many times in Haiti , these young girls have an ABORTION that further down the road can cause certain serious problems for them where they can have INFECTIONS that cause them to die. They are under stress when that happens to them because there are not centers that deal with these issues to help them out, provide them with all possible counseling. These young school girls in Haiti, once they get pregnant they think that school is over for them; they think that the society turns its back on them and what's worse is that they have become an escape goat for their parents. So, SEXUAL EDUCATION in this sense should have been a subject of discussion as part of the youth' problems. It would also make them aware of TRANSMITTED SEXUAL DISEASES (TSD) .

Many young people, who are fourteen, have already reached puberty level (particularly girls) – –

At this age, many of them start dating. There is a whole bunch of PHYSIOLOGICAL TRANSFORMATIONS that take place within the youth at this age. Once we are talking about DATING, our friend SEX is not too far away. It is true there are programs that talk about ABSTINENCE. But we do know the reality in the case of SEXUAL NEEDS where it's not the majority of the youths who are going to put “abstinence” into practice. So, SEXUAL EDUCATION for the youth is a subject that should have been discussed openly (in the schools, on the radio, on television, in the newspapers… or in all possible media in order to reach the youth).

(E. W. Vedrine)

COMMENTS

(sent by someone)

«Haiti is a so-called a very ‘Christian' country and this is why the sexual issues are taboo for the youth. Because in principle, a young person is not supposed to have sexual relations if not married. So, prevention programs can't clearly succeed, because there are many Protestants, Catholics etc. You can't talk to them for instance about condoms for the youth, because they are not supposed to have sexual relations.

A protestant friend was telling me the other day how he was stun about the statistical knowledge of Sant JESKYO in Port-au-Prince that is charge of people infected with HIV. I believe it's the 99 digit or the 2000 that reveals most of the youth who have performed an abortion (about 70%) are protestant; so, the relations take place secretly). These young women come by themselves. But, for the young Seventh Day Adventists, the case is more complicated because it's their parents (mostly their mothers) who bring them to have an abortion, because if these young Seventh Day Adventists get pregnant, it's the whole family who will be excommunicated from the church.

Talking about that, in the last months, I was preparing a document on Haitian values, and they've almost stopped me in order not talk about the reality about ‘homosexuals' in the document because for many big leaders of the institution (Protestants as well as Catholics), that would not be good for them. However, it was just a little example, just to show that there are societies (in Africa ), where if two men are walking hand in hand, it's just a cultural sign, whereas for other societies like the Haitian, it's homosexuality.»

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com

 
Logo