Chak grenn ayisyen enpòtan
pou devlopman Ayiti

Emmanuel W. Védrine
 

Youn nan pi bèl bagay ansyen militè yo ak tout lòt gwoup ki ame ilegalman te ka fè se: ale renmèt zam yo san bri, san kont epi di piblikman ke kounyeya yo pre pou bay tout koutmen posib pou peyi a ale vè lavan (menmsi se ta kèk mwa travay volontè annatandan yo ta jwenn yon ti tyotyo lage nan men yo).

Tout peyi a bezwen lapè (nou bezwen tout yon kanpay «chalòm») pou n ka bouje e nou wè klèman touye youn lòt pou benefis Gran Peyi pa ede Ayiti fè yon pa kita yon pa nago men se plis bak sa fè l fè. Se plis nan betiz Zòt pase nou kòmsi se yon seri moun mawon nou ye, kòmsi se yon seri moun sovay ki san kilti nou ye, moun ki pa konn sa yo vle.

Pa gen pàn si yon moun ta gen zam lakay li pou pwòp sekirite l (men fò lalwa ta gouvène sa) men mache ak zam ilegal tribòbabò sou moun nan peyi a, se plis latèrè sa kreye.

Sekirite se youn nan pwen enpòtan pou devlopman Ayiti fèt. Kijan touris pral pote kapital nan peyi a si pa gen sekirite? Kijan moun pral envesti nan peyi a si pa gen sekirite? Kijan pwomosyon touris lokal pral fèt si pa gen sekirite? Kijan dyaspora a pral desann al bay tout koutmen posib si pa gen sekirite? Se moun ki mandate pou pote zam ki ta dwe fè sa sèlman (lè yo desèvis). Donk kòm tout moun ap viv nan ilegalite Ayiti, zafè lalwa vin tounen yon itopi (sa rete yon rèv).

Li lè li tan pou chak grenn Ayisyen eseye reyalis: si zòt di l ap ba n lajan pou kraze pwòp frè n, jis di l «monchè demake w la tande, nou tout se frè!». Eseye reyalis tou nan sa ke w ka fè (pa pete pi wo ke posteryè w); avan ou pran desizyon pou fè yon bagay, panse a tout konsekans sa ka genyen. Imedyatman kisa k pase mesye ilegalman ame ki te cho devan bann nan (kòmansman 2004)? Repons: Gwo Blan an reze tout ansanm ak ti boujwa ti sousou opòtinis yo k ap peri peyi a ki toujou renmen rete tyoul Mouche Blan, kòmsi Mouche Blan ap vin solisyone pwoblèm yo. Zòt pa janm bay gabèl; se enbesil ki bay, entelijan pran. Zòt jis montre se yon seri moun ti lòlòy (ki pa gen anyen anndan sèvèl yo oubyen moun sèvèl kaka kalbas ki pa konn kote yo soti, sa yo vle ak kikote yo prale). Donk, annou, chak grenn Ayisyen, eseye pran yon ti tan pou n panse a avni Ayiti nou an (chire pit p ap mennen nou oken kote, monte kòlèt p ap mennen nou oken kote, divizyon p ap mennen nou oken kote). Pa bliye deviz nou sou lajan an ki tèlman bèl ke lòt peyi kopye l.

Depi w vwayaje aletranje (kit ou te Ayisyen tèt grenn ble kou digo, po kwiv, koulè chokola, cheve siwo, cheve boulon… baton ki bat chen nwa a, se li ki bat chen blan an – Yo toujou trete w AYISYEN). Se vre nou sipoze gen libète pou fè moun tande vwa nou, pou n revandike dwa nou men lè n fè sa avèk zamfannfwa, enben se plis touman sa vin kreye, se plis traka nou bay manman nou Ayiti Cheri ki deja depatya.

Gen moun ki pale de revolisyon pasifik (atravè ekri yo); mwen eseye dechifre mesaj yo ekri, se yon fòm lit kanmèm (menmsi kèk nan nou pa ta apiye yon seri ide ladan yo) men kanmèn nou dwe montre yon fòm sivilizasyon. Voltaire (ekriven fransè) di n tou: «Fòs plim nan pa kanmarad fòs epe». Donk lè n kouche ide n yo sou papye, se koze pou plizyè jenerasyon n fè sa.

Chank grenn Ayisyen nan sosyete a enpòtan. Èske n te te konnen ke n se yon pèp entel lijan? Chak grenn Ayisyen gen potansyèl. Èske n te konn sa? Enben pwovèb la di: «Si towo bèf te konn valè l, li pa ta kite yon kòd senk kòb touye l». Nou chak gen yon potansyèl estraòdinè men nou pa bay sa valè. Nou pa pran tan pou n reflechi mèvèy nou nan listwa, glwa nou te genyen nan listwa. Nou pa rann nou kont ke Zòt jalou de sa e ke depi digdantan l ap eseye fè tout mwayen posib pou efase bèl istwa nou. Demèm, si chak Ayisyen te konn valè l ak valè Ayiti Cheri, enben li pa ta kontinye ap pran lòd nan men Zòt pou kraze pwòp frè l dekwa pou Zòt benefisye de sa. Chak grenn Ayisyen bezwen yon ti tan pou fè yon egzamennkonsyans pou konn potansyèl yo e devwa yo pou kontribye nan devlopman Ayiti.

(E.W.VEDRINE)

boule

Every single Haitian is
important in Haiti 's development

One of the most beautiful things that the Haitian ex-soldiers and other illegally armed groups could do is: giving back their weapon with discussion and declare public ally that they are ready to give all possible help so that the country can move forward (even it would take some months of voluntary works while waiting to get paid some money).

The whole country needs peace (we all need a campaign of "peace" in order to move forward and we see clearly that killing each other for the benefit of Big Countries won't help Haiti moving a step forward; instead, it makes it go backward . Others are in a way, making more fun of us as if we were a bunch of wild people, a bunch savages with no culture and people who don't know what they want.

No problem if someone would have weapons at home for security (but, it's something that would law-governed) but walking with illegal weapons back and forth in the country creates more terror.

Security is one of the important points for Haiti 's development. How tourists are going to bring capitals to the country without security? How people going to invest in the country without security? How the promotion of local tourists is going to be done without security? How is the Diaspora is going to come to Haiti to give the possible help to the country without security? It's people who are legally allowed to carry weapons only who should have been in the streets (when thy are on duty). So, everyone is living in illegality in Haiti ; law has become an utopia (it still remains a dream for those who really want to sell changes).

It's about time that each Haiti tries to be realistic: if Zòt is giving us money to get rid of our own brothers, just tell him "hey, get out of here! We are all brothers!". Try to be realistic also in what you can do (don't farth higher than your behind); before making a decision to do something, think about all the consequences that can have. Right away, what happen those illegally armed men KI TE CHO DEVAN BANN NAN (the beginning of 2004)? Answer: the Big White man fooled all of them together with the opportunist Uncle Tom petit bourgeois who were perishing the country, who always want to be the TYOUL of Mister White as if Mister White is coming to solve their problems. ZÒT PA JANM BAY GABÈL; it's stupid people who does it and intelligent people takes advantage of it. Zòt just shows them as a bunch of people with small brains (who have nothing in their brain or people with brains similar to KAKA KALBAS who don't know where they came from, what they want and where they are going). So, let, each Haitian, try to take a little time to think about our dear Haiti's future (fighting each other won't lead us anywhere, MONTE KOLÈT won't lead us anywhere, division won't lead us anywhere). Don't forget that our DEVIZ on the national currency; it's so beautiful that other countries adopt it.

Once you travel abroad (weather you are a very dark skinned Haitian, a brown one, a mulatto with curly hair… the sticks that beats the black dog is the one that beats the white dog also – They always treat as a HAITIAN). It is true that we should have liberty so that people hear our voice, so that we claim our rights but when doing that with weapon , well it's more problems that we create, it's more pain that we make our dear mother Haiti go that has already fallen apart go through.

There are people who talk about pacific revolution (through their writings); I try to decode their written messages; it's a form of struggle anyway (even some of us would not support some of their ideas) but anyhow we should show a form of civility . Voltaire (the French writer) also says "The pen is mightier than the sword". So, when writing down our ideas, we leave things behind for many generations to come.

Every single Haitian in the society is important. Did you know that we are an intelligent people? Every single Haitian has potential. Did you know that? So, that saying says: "If the bull knew its strength, it would not let a five cent rope kill it". Each of us has an extraordinary potential but we don't value it. We don't take time to reflect on our wonders, our glory in history. We don't realize that Zòt is jealous of that and that since long ago Zòt has been trying all he can to erase our beautiful history. Also, if each Haitian knew his value and that of Haiti our Darling, they would not continue taking orders from Zòt to kill their own brothers in order to benefit him. Every single Haitian need a bit of time to become conscious of their potential and their duty to contribute to Haiti 's development.

(E.W.VEDRINE)

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com