Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Mesaj Rektè Inivèsite Leta d Ayiti
voye bay Leta ak Kominote peyi Karayib

yo nan okazyon chita pale sou Ayiti
(Kingston, Jamayik, 11-13 jen 2023)

Fritz Deshommes

Drapeau d'Haïti

Mwen byen regrèt mwen p ap ka patisipe nan gwo chita pale KARIKOM ap òganize, sòti 11 pou rive 13 jen 2023 nan peyi Jamayik, sou sitiyasyon peyi  d Ayiti a. Mwen te blije prezante eskiz mwen bay  premye minis peyi Babad la, onorab Philip “Brave Davis”,  ki te voye ban mwen yon bèl envitasyon.

Men tou, mwen kontan dèske KARIKOM montre yon gwo enterè ak preyokipasyon pou tout boulvès peyi nou an ap travèse jodi a. Paske, depi kek tan, Ayiti anba yon enstabilite ki mare ak ensekirite, dezespwa, lamizè. Sankonte Leta k ap depafini, sosyete a ki sou lagraba, bèl lizay ki te simante sosyete a k ap pèdi. Se tout chay sa yo peyi a ap pote jodi a.


E mwen sipoze, menm jan ak nou, lòt peyi Karayib yo ap poze tèt yo kesyon sou ki sa ki rive  peyi d Ayiti. Yon peyi ki, depi tan Benmbo, te toujou yon senbòl, yon modèl, yon egzanp, yon fyète pou tout zile nan Karayib la.

Paske, Ayiti, jan powèt epi filozòf matinikè a, Edouard Glissant,  di l: «se matris  tout peyi nan rejyon an, se poto mitan tout Karayib la».

Ayiti, se Endyen Hatuey, ki sòti nan kasika Xaragua. Nan lane 1511, li janbe lanmè Karayib la, pou l al pote sekou bay frè nou nan zile Kiba, lè yo t ap twoke kòn yo ak panyòl ki te anvayi yo. Jouk jounen jodi a, peyi Kiba rekonèt Hatuey kòm premye ewo nasyonal li. Se limenm, Hatuey, istoryen yo konsidere kòm  premye “guerrillero” nan tout Amerik la.

Ayiti, se Kasik Henry, neve rèn Anacaona, ki leve kanpe kont kolon piyajè  panyòl yo epi bat yo plat atè. Se te premye gwo kal lame atoufè panyòl yo pran nan Karayib la, (1519-1533).

Ayiti, se Toussaint Louverture ak Jean-Pierre Boyer ki te mete bout nèt ale nan zafè esklavaj kay vwazen, nan peyi Dominikani.

Ayiti, se pi gwo referans pèp peyi Karayib yo nan batay yo mennen pou fini ak tout kalite eksplwatasyon.

Ayiti, se peyi ki reyalize youn nan twa (3) pi gwo revolisyon nan mond lan, nan peryòd 18èm syèk la. Yon revolisyon ki pral chanje nètalkole jan mond lan te konn mache anvan. Lide ak filozofi revolisyon sa a charye kontinye klere limanite jouk jounen jodia.

Ayiti, se peyi  ki bay pi gwo kontribisyon nan mete yon pwen final nan zafè lesklavaj  nan tout Amerik la ak nan Karayib la.

Ayiti, se Anténor Firmin, se José Martí ak lòt gwo pèsonaj ki te gen pwojè kreye yon Konfederasyon tout peyi nan Karayib la.

Ayiti, jan Aimé Césaire renmen di l, «se peyi kote nèg nwa leve kanpe pou premye fwa pou l deklare anfas tout limanite: TOUT MOUN SE MOUN».

Ayiti, se peyi ki montre tout pèp frè l yo chimen Libète. Se sa premye minis Sent Lisi a, Kenny Anthony Davis te fè sonje lè l te vin an Ayiti nan lane 2013. Li pa t met dlo nan bouch li pou l te presize: «Si Ayiti pa te jwenn libete, nou menm tou, nou te ka pa jwenn li. Se yo menm ki te bay papa nou Emansipasyon, Libète epi Liberasyon» (Pòtoprens 2013).

Ayiti «ki poko fin peye radiyès li fè, lè l ranmase karaktè l pou l kreye premye nasyon nèg ki sòti nan zantray sistèm kolonyal la».

Jounen jodia, Ayiti sou kabann lopital. L ap kontinye peye pou  jan l te kanpe tennfas nan chache ak jwenn dwa granmoun li, pou jan l te ede lòt pèp pran endepandans yo, pou jan l te pote solidarite bay anpil pèp nan Amerik Latin ak Karayib la.

Tout peyi nan Karayib la gen yon dèt pou Ayiti yo p ap janm ka fin peye.

Nan moman nou pral rantre nan chita pale sa a, nan peyi Jamayik,  li bon  pou nou rafrechi kèk lide fondalnatal ki ka pèmèt nou mezire vre dimansyon sa n gen pou n fè a pou n ede Ayiti soti nan katchouboumbe sa a.

Nou pa dwe bliye, depi Ayiti fèt, gwo palto kominote entènasyonal la mete l sou kote. Yo ba l yon bwa long kenbe. Pou l pa fè yon pa Kita, yon pa Nago… Jouk ki rive kote nou jwenn li la a.  Se pou sa, Ayiti ap sonnen lanbi rasanbleman tout vwazen, tout  frè, tout pitit li yo ak tout lòt nasyon li te konn lonje men ba yo nan respè ak diyite.

Jounen jodi a, Ayiti bezwen pou kominote entenasyonal la gade l, je nan je, san prejije. Pou yo konnen vre istwa l, kote l soti, kote l vle ale. Pou yo  dekouvri kilti l ak tout kalte richès li genyen. Pou yo wè tou  ki feblès li, ki difikilte l ap travèse, ki malè ki pandye sou tèt li; men tou, sou ki resous, sou ki potansyèl, sou ki  pwojè l ka konte.

Ayiti vle  fè tout moun alawonnbadè konnen se pa sèl Ayisyen ki responsab move sitiyasyon n ap viv la a. Menmsi nou rekonèt peyi d Ayiti kale anpil move lawon, move zangi, move je, ki soti nan mitan nou, pitit dejwe nou yo,  ki fè peyi a anpil mal, ki responsab anpil dega, depase limit.

Nou pa sel responsab paske anpil fwa, se pa pèp ayisyen ki rive chwazi moun li vle mete nan tèt peyi a. Anpil fwa, zòt debake soti kote l soti vin fè eleksyon tounen seleksyon. Epi se tout tan, gen yon seri pwogram, gen yon valè pwojè, se zòt ki deside, si y ap fèt, ki jan y ap fèt, pou ki y ap  fèt. Sou do Ayiti.

Menm sou kesyon koripsyon ak move tranzaksyon, anpil fwa, se pa pitit tè a ki pi gwo reskonsab, ki jwenn plis benefis, ni nan yon bann kont mal taye move zafè, ni nan gwo  trafik louch k ap fèt sou do  peyi a.

Jodi a, Ayiti vle  fè tande vwa l, pou l di byen fò : li gen pwojè pa l, li gen anbisyon pa l, li gen esperans pa l.  Ayiti vle raple tout moun alawonnbadè li konnen ki  kote l vle ale, ki kote l dwe ale,  ki sa pou l fè pou l ateri epi ki jan pou l bat wout la jouk li rive. Men baboukèt la twò rèd. Baboukèt sa a yo kroke nan kou nou tankou yon kolye, depi Lendepandans. Se baboukèt sa a k pou soti.

Se nan sans sa a, KARIKOM ta kapab jwe yon kokenn wòl. Paske, nou tou pre yonn ak lòt, kit se nan kesyon distans, kit se nan ekonomi, nan kilti ak nan rasin nou kòm pèp. Sa pèmèt yonn konprann lòt pi byen, yonn santi pwoblèm lòt la pi vit. KARIKOM  kapab ede lòt nasyon yo dekouvri nannan reyalite peyi Dayiti. KARIKOM ka chache konstwi kapasite pou l pemet lòt peyi nan kominote entènasyonal la respekte chimen Ayiti  chwazi pou tèt li,  ede yo wè Ayiti yon lòt jan, epi ede yo derasinen move santiman ak laperèz ki ka toujou ap travèse kè yo, depi 1804.

KARIKOM ki deja rantre nan yon gwo batay pou l jwenn reparasyon nan men ansyen peyi kolon ak esklavajis yo kapab bay batay pèp ayisyen an anpil jarèt. Pèp ayisyen nou konnen an, jan l vanyan, jan l rezistan, jan l anvi viv. KARIKOM byen plase pou l ede gwo palto nan kominote entènasyonal la ki sanble yo toujou mal dijere  pawòl  1804 la, pase paj almanak la, pran yon lòt chimen, chanje plak la sou Ayiti. Pou yo rive konprann sa  pèp ayisyen an ap chache toutbon se viv, viv ansanm,  viv ak  kè poze, nan diyite epi fè peyi l vanse.

KARIKOM ka byen  konprann peyi d Ayiti pa wè tèt li nan pwojè pou yo ta femen l nan koridò asistans imanitè pèmanan an. Paske sa pèp ayisyen an ap chache toutbon se jwenn opotinite pou l twouse manch chemiz li, travay di, pou l rive satisfè bezwen l ak fòs ponyèt li.

Alatèt peyi Karikòm yo, sosyete sivil yo, inivèsite yo, pwofesè yo, pwofesyonèl yo, yo tout kapab fè solidarite ak lit pèp ayisyen an jounen jodi a. Menm jan ayè, Ayiti te leve kanpe pou tout peyi Karayib yo, peyi Lamerik yo ak tout Limanite, lè yo t ap chache Libète, Dwa grandèt majè yo, diyite ak lavi miyò.

Jen 2023

Fritz Deshommes
Rektè Inivèsite Leta d Ayiti

*

 Viré monté