Nwèl 2003 é joudlan
 
Emmanuel W. VÉDRINE
Emmanuel W. VÉDRINE
Avant d'élever verre solidaire...

Nwel o! Encore un'n !

Au nom d'un petit enfant sage né pauvre parmi des animaux, l'antillais ayant voté son avenir va se livrer jovial et bon enfant à une débauche de foie mousseux, riches bulles champenoises et autres bombances effrénées...

Qu'à cela ne tienne! Dans la foulée, qui l'empêche, au moment d'enfoncer lame dans jambonneau rose parsemé d'oignon-pays huileux, ou verser bullées en coupelles de cristal, d'arrêter le grave geste et donner poème à écouter...
 

NWÈL LAVÈY BISANTNÈ NOËL, VEILLE DE BICENTENAIRE…
Yon desanzan Nwèl san lakontantman
Desanzan Nwèl pèp ap plenyen chanjman
O! Tande kri pèp la Pè Letènèl!
Ou menm ki te ban nou frè Emanyèl
Deux cents ans de Noëls sans le contentement
Deux cents ans à pleurer que vienne un changement...
Ô Père! entends le cri du peuple, Ô Eternel,
Toi, celui qui nous as donné frère Emmanuel !
Desanzan Nwèl anba yon lavichè
Desanzan Nwèl nan chimen lamizè
Èske n ap kontan fete Bisantnè
Nan yon peyi ki pa genyen lidè ?
Deux cents ans de Noëls sous un poids de vie chère,
Deux cents ans de Noëls sur chemin de misère...
Comment être content, pour que mon cœur s'égaye,
Fêter bi-centenaire, sans leader au pays?

Nwèl lavèy Bisantnè se gwo kout rèl
Kote pa gen anyen lakay ki bèl
Ensekirite tout kote w pase
Fatra anpile tout kote w ale
Ce Noël, veille de Bicentenaire, c'est dur,
Lorsqu'on ne possède rien de beau dans ses murs,
Que l'insécurité menace à chaque pas,
Que le fatras s'empile partout où on va.

Nwèl lavèy Bisantnè ta dwe yon wont
Pou tout vòlè, tout lidè panzouyis,
Pou tout esplwatè pèp, pou tout sanwont
Woulibè nan machin nasyonalis.

Emmanuel W. VÉDRINE
Koleksyon : Kri pou liberasyon

Ce Noël, veille de Bicentenaire, puisse-t-il
Faire honte aux voleurs, aux leaders les plus vils,
Aux exploiteurs des peuples, aux indignes putschistes
En roue libre, dans la machine nationaliste.

Emmanuel W. VÉDRINE
Collection: Kri pou liberasyon

Traduit du créole haïtien par Jean-Samuel SAHAÏ.
 

NATALE, VIGILIA DEL BICENTENARIO

Duecento anni di Natali senza appagamento
Duecento Natali a piangere per un cambiamento…
Oh ! ascolta il grido del popolo, Padre l’Eterno !
Tu, colui che ci hai dato il fratello Emanuele.

Duecento Natali sotto il peso di una vita costosa
Duecento Natali su un cammino di miseria
Come essere contento, di festeggiare il Bicentenario
in un paese che è senza guida ?

Il Natale, vigilia del Bicentenario, è duro,
Quando non si possiede nulla di bello nella propria casa
Insicurezza ovunque si passi
Immondizia si accumula ovunque si vada.

Il Natale, vigilia del Bicentenario, possa
Fare vergogna ai ladri, ai capi più abietti,
Agli sfruttatori dei popoli, agli indegni sobillatori
A ruota libera, nella macchina nazionalista.

Emmanuel W. VÉDRINE
Raccolta : Grido per la liberazione
Tradiksyon italyen: Francesca Palli

boule

COMMENTAIRE

«Védrine, J'ai lu avec plaisir ton poème qui traduit les sentiments de frustrations de la grande majorité de nos compatriotes dont je fais partie. Célébrations ou pas, il reste un pays à développer. Mon souhait le plus sincère est que le premier janvier 2004 marque un nouveau départ pour notre terre natale et que notre devise L'UNION FAIT LA FORCE, soit comprise à sa juste valeur et nous guide dans nos moindres faits et gestes, en vue d'atteindre les nobles objectifs que tout bon citoyen se doit désirer pour son pays et d'y apporter sa contribution»
- Juge Michel Coulanges

boule

Entelektyèl Komokyèl : un poème amusant de E.W. Védrine.

An Annotated Bibliography On Haitian Creole par E.W. Védrine.

Brigandage en Haïti : Note de presse de la Fondation Connaissance et Liberté-Fokal.

Haïti en danger : article du Monde, 18 décembre 2003.
 

boule
 
NWÈL ANE SA A !
(Jhonny)

Nwèl ane sa a, se pwenn fè pa
Nwèl lakrimojèn, Nwèl bisuit leta
Nwèl katchapika, Nwèl toupatou se aba
Nwèl beton cho, Nwèl sereng nan bra

Nwèl ane sa a, se mare senti
Nwèl pòch koule, Nwèl tout moun sou manti
Nwèl zam fann fwa nan men timoun piti
Nwèl tèt trese, Nwèl etidyan pran lari

Nwèl ane sa a, se Nwèl san koule
Nwèl divizyon, Nwèl tout moun pale
Nwèl boul malatchong, Nwèl kè rete
Nwèl depatcha, Nwèl tansyon monte

Nwèl ane sa a, se Nwèl tout moun pran rèz
Nwèl lanfè, kit ou pòv kit ou alèz
Nwèl menm mouton pa pè kase fe* laperèz
Nwèl bri kouri, nouvèl gaye, Nwèl landjèz

Nwèl ane sa a, se Nwèl lapenn
Nwèl dlo nan je, Nwèl kase chenn
Nwèl bouch mare, Nwèl tout moun ap plenn
Nwèl devenn, Nwèl lanmou nan chenn

Nwèl ane sa a, se Nwèl pou 2004
Nwèl nèg nwè, Nwèl milat
Nwèl entèlektyèl, Nwèl kokorat
Nwèl pou tout moun, kat la dwe rebat

Nwèl ane sa a, se Nwèl …adye wi!

Jhonny 19 desanm 2003
 

boule

 
NWÈL AYÈ NWÈL JODI
(Yvrose Lubérisse)

I
Yo di, Nwèl pote lajwa ak kè kontan
Yo di, Nwèl se kè poze, se fèt renmen
Men wi, te genyen lajwa lè se fèt Nwèl

Sonje, sonje, sonje
Jan nou te fete
Nwèl Ayiti
Sonje abdenwèl
Limyè tout koulè
Gato ak kado

Refren 1
Nwèl la te gen gou o
Nwèl la te tankou
Yon basen lanmou
Nwèl la te gen gou o
Nwèl la te tankou
Yon basen lanmou

II
Yo di, Nwèl se tèt ansanm, se men nan men
Yo di, Nwèl se latandrès, Nwèl se linyon
Men wi, nou te kole zepòl
Lè se fèt Nwèl

Sonje, sonje, sonje
Jan nou te fete
Nwèl Ayiti
Sonje pate cho
Sonje reveyon
Ala kè n te cho

Refren I
Nwèl la te gen gou o
Nwèl la te tankou
Yon basen lanmou
Nwèl la te gen gou o
Nwèl la te tankou
Yon basen lanmou

III
Yo di depi kèk ane Nwèl la chanje
Yo di pa gen kado Nwèl anba zòrye
Men wi, Nwèl an Ayiti, se lepase

Gade, gade, gade
Nwèl pase
San nou pa menm fete
Blad ak popetwal
Fannal ak pidetwal
Sòti nan nòmal

Refren II
Ala Nwèl san gou o
Nwèl la se tankou
Yon fannal labou
Ala Nwèl san gou o
Nwèl la se tankou
Yon fannal labou

IV
Yo di, Tonton Nwèl ale nan tout peyi
Yo di, lè Tonton Nwèl rive, latè beni
Men wi, n espere pa bliye Ayiti

Gade, gade, gade
Timoun kou granmoun
Tounen pwatann
Abdenwèl ak limyè
Reveyon douvanjou
Pèdi sans pou nou

Refren II
Ala Nwèl san gou o
Nwèl la se tankou
Yon fannal labou
Ala Nwèl san gou o
Nwèl la se tankou
Yon fannal labou

Ala Nwèl san gou o
N gen espwa toujou
Tonton Nwèl nan wout

(Yvrose Lubérisse, 1998)
 

BON BISANTENÈ BON BICENTENAIRE…

Bisantenè fèt lendepandans
Rive nan vyolans ak soufrans
Kote tout solidarite vole gagè
Ki mete nou nan bouch lagè.

Le Bicentenaire de l'indépendance
A passé dans violence et souffrance
Où nos âmes à la dérive des déboires
N'ont plus leur fibre soudée à l'espoir.

An nou repanse solidarite
Ki fè nou se yon kolektivite
Pou mete Ayiti kanpe
Kote solèy lespwa klere.

Alors nous faut il repenser notre unité
Pour rebâtir une meilleure solidarité
Où l'un et l'autre sont compléments
Dans un vrai nœud interdépendant.

Nan peryòd bisantenè lendepandans la
Ki se fèt espwa, kouraj, bravou ak viktwa
Map souete tout Ayisyen alaronnbadè
Yon vi meyè nan sante, jwa avèk bonè.

Là où les cœurs se parlent à l'oisir
Du bonheur qui arrosent le présent et l'avenir
Là où nous pourrons régénerer notre vie
En offrant une saine atmosphère à notre Haïti

30 desanm 2003

Edner Saint-Amour

À la nouvelle année qui arrive
où tous nos élans sont à la dérive
je vous souhaite tous de tout cœur :
tout à nous rassurer : santé, joie et bonheur

30 décembre 2003

Edner Saint-Amour

boule

 
 boule
Nwèl Matnik : Bakwa.
 
 boule
Chanté Nwèl : toupatou.
 
 boule
Muguet Noël : Serge Restog.
 
 boule
Presepio : Montrer la Nativité.
 
 boule
Pisimé'y : Du Benzo à écouter.
 
 boule
Ti nwel nou an, St Esprit chante.
 
 boule
L'histoire de la chanson Sainte Nuit.
 
 boule
Silent Night Web : Traduction du chant Sainte Nuit dans 119 langues.
 
 boule
Tu scendi dalle stelle chanter Noël.
 
 boule
Kasika et Benzo : Sorties Noël 2003.
 
 boule
Festival international de musiques sacrées, profanes et populaires, 19-30 déc. Fort-de-France.
 
 boule
Panch Ganapati : Noël hindou?
 
 boule
Santons, crèches et jouets: Présentation de fête dans un musée en plein déménagement.
 
 boule
Trinidad & Tobago : A Christmas Message, with a warning...
 
 boule Nou ka swété zot tout on bel lanné 2004 !!!
Felice anno nuovo a tutti ! 
 
 boule
Cadeaux et souvenirs indiens
   
Au bord de la mer
Bord de la mer, Paul Gauguin, 1887.