Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Hymne nationale d'Haïti

I

Pou Ayiti peyi zansèt yo
Se pou n mache men nan lamen
Lan mitan n pa fèt pou gen trèt
Nou fèt pou n sèl mèt tèt nou
Annou mache men nan lamen
Pou Ayiti ka vin pi bèl
Annou annou met tèt ansanm
Pou Ayiti o non tout zansèt yo.

II

Pou Ayiti o non zansèt yo
Se pou n sekle se pou n plante
Se lan tè fòs nou chita
Se li k ban nou manje
Ann bite tè, ann voye wou
Ak kè kontan fòk tè a bay
Sekle, wouze, fanm kou gason
Pou n rive viv ak sèl fòs ponyèt nou.

III

Pou Ayiti ak pou zanzèt yo
Fò nou kapab vanyan gason
Moun pa fèt pou ret avèk moun
Se sa k fè tout manman ak tout papa
Dwe voye timoun lekòl
Pou yo aprann, pou yo konnen
Sa Tousen, Desalin, Kristòf, Petyon
Te fè pou wet Ayisyen anba kòd blan.

IV

Pou Ayiti o non zansèt yo
Ann leve tèt nou gad anlè
Pou tout moun mande granmèt la
Pou l ban nou pwoteksyon
Pou move zanj pa detounen n
Pou n ka mache nan bon chemen
Pou libète n ka libète
Fòk lajistis blayi sou peyi nou.

III

Nou gen yon drapo tankou tout pèp
Se pou n renmen l mouri pou li
Se pa kado blan te fè nou
Se san zansèt nou yo ki te koule
Pou nou kenbe drapo nou wo
Se pou n travay met tèt ansanm
Pou lòt peyi ka respekte n
Drapo sila se nanm tout Ayisyen.

 

* Tèks orijinal nan lang fransè: Justin Lherisson, 1903; Mizik orijinal: Nicholas Geffrard; Vèsyon kreyòl sa a: Raymond A. Moïse; Adaptasyon ak Mizik: Ansy Dérose, 1980.

Viré monté