Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Contes créoles

Maurice Bricault, Contes créoles illustrés,
textes bilingues créoles-français, Paris, Agence de Coopération
Culturelle et Technique, 1976, 75 p.

Conte d'Haïti

Vanjans Conpè Chat
Vanjans Conpè Chat par Claude THÉVENAZ.

Vanjans Conpè Chat

Conpè Chen tou tris. Lidé li, sé qué li pa rinmin wè moùn mouri. O contrè, sé gnou si bon bagay pou li véyé cay yo, pou li fè lago ac ti moùn yo!

Li pa ka supòté lidé qué gnou jou sé anba tè a y-ap fouré zanmi-l sa yo. Min Conpè Chen di nan coer li:

— Doemin matin, m-pral jwinn Papa Bon Dyé. Ma mandé-l pou moùn pa mouri.

Conpè Chen contan net, li rélé Conpè Chat:

— Conpè Chat, m-ap ba ou gnou soecrè. Ou pa connin, doemin matin, o pipirit chantan, mwin pral fè gnou conmisyon nan syél.

— O, o é pouqui sa?

— M-pral mandé Papa Bon Dyé lavi étènel pou moùn.

Sa, sé gnou bagay qui contraryé Conpè Chat anpil. Li minm sé lanmò, oui, li swété pou moùn. Lavey jou a, cuisinyè a té ba-l gnou bel jé baton, pasé li tè vòlè vyann.

Chat di nan coer li:

— Sé pa nou Conpè Chen rivé nan syel anvan-m!

Alòs, Chat pran gnou gro sac, li plin-l tout qualité zo li jwinn: zo ac mwel, zo cru, zo bouyi. Sa-l fè, la-l pozé sac la sou rout qui minnin nan syel la.

Loe sa a, Conpè Chen ap dòmi, pasé li bézwin guin tet li an plas loe li rivé nan syel. O pipirit chantan, li loevé, li dérapé.

San atann, Chen wè gnou paquet zo nan mitan choemin an. Sé proemyé zo qui bay Chen anvi manjé con sa. Conpè a di:

— A la dé chans ! M-ap crazé dé twa zo. Sa va mété-m pi an fòm pou-m rivé cay Papa Bon Dyé.

Conpè Chen pran manjé. Min Conpè Chat li minm, li pa pèdu tan, li couri tou dwat al frapé nan Paradi.

— Qui sa ou vlé ? Papa Bon Dyé mandé-l.

Conpè Chat, dlo nan zyé, raconté Sègnoe-Met jan moùn méchan, pa bon. Li dit, yo pasé tan yo ap manjé bon bagay, é pui yo maltrété chat yo, san chat pa fè yo angnin, pòdyab chat.

— Alòsq, Bon Dyé, m-mandé ou pou ou fè moùn mouri.

O, pa yo tout ansanm, non, min tanz-antan, pou chat ka jwinn gnou ti lavi tou.

— Dacò, Sègnoe-Met di, ou guin rézon sé pou moùn mouri.

Loe jounin an fini pasé. Conpè Chen rivé nan syel, vant li byen plin. A la dé lapinn. Papa Bon Dyé di-l:

— Li trò ta ! Mwin fini dacò ac Conpè Chat pou moùn mouri.

M-byen roegret sa, créyon Bon Dyé pa guin gonm!

Conpè Chen pa couté plus pasé sa. Li couri cay Conpè

Chat, li goumin gro goumin ac li.

Doepui jou sa a, chen ac chat pa janm capab dacò!

boule

Vanjans Konpè Chat

(Edition créole: Emmanuel W. Vedrine, Oct. 2005)

Konpè Chen tou tris. Lide li, sèke li pa renmen wè moun mouri. OKontrè, se you si bon bagay pou li veye kay yo, pou li fè lago ak timoun yo!

Li pa ka sipòte lide ke you jou se anba tè a y ap foure zanmi l sa yo. Men Konpè Chen di nan kè li:

— Demen maten, m pral jwenn Papa Bondye. M a mande l pou moun pa mouri.

Konpè Chen kontan nèt, li rele Konpè Chat:

— Konpè Chat, m ap ba ou you sekrè. Ou pa konnen, demen maten, o pipirit chantan, mwen pral fè you komisyon nan syèl.

— O, o e poukisa?

— M pral mande Papa Bondye lavi etènèl pou moun.

Sa, se you bagay ki kontrarye Konpè Chat anpil. Li menm se lanmò, wi, li swete pou moun. Lavèy jou a, kuizinyè a te ba l you bèl je baton, pase li tè vòlè vyann.

Chat di nan kè li:

— Se pa nou Konpè Chen rive nan syèl anvan m!

Alòs, Chat pran you gro sak, li plen l tout kalite zo li jwenn: zo ak mwèl, zo kri, zo bouyi. Sa l fè, la l poze sa k la sou rout ki mennen nan syèl la.

Lò sa a, Konpè Chen ap dòmi, pase li bezwen gen tèt li an plas lò li rive nan syèl. O pipirit chantan, li leve, li derape.

Sanzatann, Chen wè you pake zo nan mitan chemen an. Se premye zo ki bay Chen anvi manje konsa. Konpè a di:

— Ala de chans! M ap kraze detwa zo. Sa va mete m pi an fòm pou m rive kay Papa Bondye.

Konpè Chen pran manje. Men Konpè Chat li menm, li pa pèdi tan, li kouri tou dwat al frape nan Paradi.

— “Kisa ou vlé?”, Papa Bondye mande l.

Konpè Chat, dlo nan zye, rakonte Seyè Mèt jan moun mechan, pa bon. Li di, yo pase tan yo ap manje bon bagay, epi yo maltrete chat yo, san chat pa fè yo anyen, podyab chat.

— Alòs, Bondye, m mande ou pou ou fè moun mouri.

O, pa yo tout ansanm, non, men tanzantan, pou chat ka jwenn you ti lavi tou.

— Dakò, Seyè Mèt di, ou gen rezon se pou moun mouri.

Lò jounen an fin pase. Konpè Chen rive nan syèl, vant li byen plen. Ala de lapenn. Papa Bondye di l:

— Li trò ta! Mwen fen dakò ak Konpè Chat pou moun mouri.

M byen regrèt sa, kreyon Bondye pa gen gòm!

Konpè Chen pa wete plis pase sa. Li kouri kay Konpè

Chat, li goumen gro goumen ak li.

Depi jou sa a, chen ak chat pa janm kapab dakò!

boule

La vengeance de Compère Chat

Compère Chien, tout triste, songe... Il n'aime pas voir mourir les hommes. C'est si bon, au contraire, de veiller sur leur maison et de jouer à cache-cache avec les enfants.

Il ne peut supporter la pensée qu'un jour viendra où l'on cachera sous terre ceux qu'il aime. Compère Chien se décide:

— J'irai demain matin trouver Papa Bon Dieu; se dit-il. Je lui demanderai de ne pas laisser mourir les hommes.

Tout joyeux, Compère Chien appelle Compère Chat.

— Je vais te confier un secret, Compère Chat. Tu sais, demain matin, au lever du jour, je vais faire une commission au ciel.

— Oh! Oh! Et pourquoi cela?

— Je vais demander à Papa Bon Dieu la vie éternelle pour les hommes!

Cela contrarie beaucoup Compère Chat. Il souhaite justement la mort des hommes, car, la veille, il a reçu de la cuisinière de solides coups de bâton, pour avoir dérobé de la viande.

— Il ne faut pas que Compère Chien arrive au ciel avant moi, se dit-il.

Alors, le chat prend un gros sac. Il y empile tous les os qu'il trouve: des os à moelle, des os crus, des os bouillis et, ceci fait, il les dépose sur la route qui conduit au ciel.

Pendant ce temps, Compère Chien dort; il veut avoir la tête bien reposée avant d'arriver au ciel. Mais dès le lever du jour, il se lève et part. Soudain, il voit par terre un tas d'os, les plus appétissants du monde.

— Quelle chance! S'écria-t-il. Je vais grignoter un peu ces os; je serai en meilleure forme pour arriver chez Papa Bon Dieu.

Et Compère Chien se met à manger.

Mais Compère Chat, lui, ne perd pas de temps. Il court tout droit au Paradis et frappe:

— Qu'est-ce que tu veux? Demande Papa Bon Dieu.

Compère Chat, en pleurant, raconte au Maître et Seigneur combien les hommes sont méchants et mauvais, passant leur temps à manger de bons morceaux, et maltraitant les pauvres chats innocents.

— Aussi, je te demande, Papa Bon Dieu, de les faire mourir... Oh! pas tous en même temps, mais l'un après l'autre, pour permettre aux chats de vivre un peu aussi...

—  Accordée, dit le Seigneur. Tu as raison: les hommes doivent mourir.

—  Compère chien, son repas terminé, arrive au ciel, à la fin du jour.

Hélas! Papa Bon Dieu lui dit:

— Trop tard, j'ai déjà accordée à Compère Chat la mort des hommes. C'est dommage, mais mon crayon n'a pas de gomme.

Compère chien n'en écoute pas davantage; il court chez Compère Chat et lui livre une bataille terrible.

Et, depuis ce jour-là, les chiens et les chats n'ont jamais pu s'entendre.

Viré monté